Scripture Stories
Chapit 26: Jezi padone yon fi


Chapit 26

Jezi padone yon fi

Imaj
A Pharisee asks Jesus to eat with him - ch.23-1

Yon Farizyen te mande Sovè a pou vin lakay li pou manje avèk li.

Imaj
A sinful woman finds Jesus at the Pharisee's house - ch.23-2

Yon fi ki te fè anpil peche t ap viv nan vil la. Li te konnen ke Jezi t ap manje kay Farizyen an. Li te anvi fè yon bagay espesyal pou Jezi.

Imaj
A woman kneels at the Savior's feet and washes them with her tears - The Pharisee thinks the Savior should not let the sinful woman touch Him - ch.23-3

Li te mete ajenou epi li te lave pye Sovè a avèk dlo nan je li. Apresa li te siye pye li avèk cheve li epi li te bo yo. Li te vide pafen sou yo tou. Farizyen an te konnen fi a te fè anpil bagay ki pa t bon. Li te di nan kè li ke Jezi pa t dwe kite fi a manyen li.

Imaj
The Savior tells the Pharisee that he had not given Him water to wash His feet - ch.23-4

Sovè a te konnen sa Farizyen an t ap panse. Li te di Farizyen an ke fi a te fè plis pou pran swen li pase Farizyen an te fè. Farizyen an pa t bay Jezi dlo pou lave pye li ni vide luil sou tèt li, jan yo souvan fè pou envite yo.

Imaj
Jesus tells the woman that her sins are forgiven - ch.23-5

Jezi te di Farizyen an ke peche fi a te padone paske li te renmen Sovè a epi li te gen lafwa nan li. Jezi te di fi a pou l te ale anpè.

Lik 7:47–50; Doktrin ak Alyans 58:42–43; Jezi, Kris la, 262–63