Scripture Stories
Chapit 61: Pòl ak Silas nan prizon


Chapit 61

Pòl ak Silas nan prizon

Imaj
A girl with an evil spirit in her sits on the ground. People pay money to hear her speak. - ch.61-1

Yon tifi te gen yon movèzespri nan li. Moun yo te renmen tande sa movèzespri a te konn ap di pa bouch tifi a. Yo te konn peye mèt ki te responsab tifi a kòb pou yo te ka tande movèzespri a pale.

Imaj
Paul and Silas cast the evil spirit out of the girl and the men who earn money with her are angry. - ch.61-2

Kèlkeswa lè Pòl ak Silas te pase nan kote sa a, tifi a te suiv yo. Lè l te fè sa, movèzespri a te pale. Yon jou Pòl te kòmande movèzespri a pou kite li. Li te ale. Mesye l t ap travay pou yo yo te fache. Kounyeya yo pa t kapab fè lajan ankò.

Imaj
The angry men take Paul and Silas to the leaders of the city. - ch.61-3

Mesye yo te mennen Pòl ak Silas bay dirijan lavil yo. Yo te di ke Pòl ak Silas t ap bay pwoblèm.

Imaj
Paul and Silas are whipped and put in prison. - ch.61-4

Dirijan yo te fè bat Pòl ak Silas epi yo te mete yo nan prizon.

Imaj
Paul and Silas pray and sing hymns. The prison shakes and the doors open. - ch.61-5

Jou swa sa a Pòl ak Silas te priye Papa nou ki nan Syèl la epi yo te chante. Tout moun nan prizon an te tande yo. Toudenkou tè a te kòmanse tranble. Pòt prizon yo te louvri.

Imaj
The prison guard finds Silas and Paul still in the prison. He asks them how he can be saved. - ch.61-6

Gad la te reveye epi li te wè pòt yo louvri. Li te panse ke prizonye yo te sove. Pòl te di gad la li pa bezwen pè. Prizyonye yo te toujou andedan. Gad la te tonbe ajenou devan Pòl ak Silas epi li te mande yo kijan li te kapab sove.

Imaj
The prison guard is baptized along with his family. - ch.61-7

Pòl ak Silas te anseye gad la ak fanmi li levanjil la. Jou swa sa a gad la ak fanmi li te batize.

Imaj
Paul and Silas are set free from the prison. - ch.61-8

Nan demen dirijan lavil yo te libere Pòl ak Silas. Pòl ak Silas te ale nan yon lòt vil pou yo te fè plis travay misyonè.