Scripture Stories
Chapit 32: Pyè temwaye de Kris la


Chapit 32

Pyè temwaye de Kris la

Imaj
Jesus asks His disciples who people say that He is - ch.32-1

Jezi te mande disip li yo kimoun yo di li te ye.

Imaj
The disciples tell Jesus that some say He is John the Baptist, some Elias or some other Old Testament prophet - ch.32-2

Disip yo te reponn ke gen moun ki te panse Jezi sete Jan Batis. Gen lòt moun ki te panse li sete yon pwofèt Ansyen Testaman an ki te retounen soti anba lanmò.

Imaj
Peter tells Jesus that He is the Christ - ch.32-3

Jezi te mande disip li yo kimoun yo te panse li te ye. Pyè te di: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.”

Imaj
Jesus explains to Peter that his testimony comes by a revelation from God - ch .32-4

Jezi te eksplike ke temwayaj Pyè a se pa t moun ki te fè l konnen l. Temwayaj li a te vini pa revelasyon Bondye.

Imaj
Jesus tells Peter that the true church would be founded on Him and His teachings - ch.32-5

Jezi te pwomèt Pyè ke li t ap bali Prètriz la ak otorite pou dirije Legliz li a. Lè sa a Pyè ak disip li yo t ap gen otorite pou dirije Legliz Jezi a sou tè a.

Imaj
Jesus tells His disciples to tell no one that He is the Christ - ch.32-6

Jezi te di disip li yo pou yo pa di pèsonn ke li sete Kris la. Toudabò li ta pral soufri, yo ta pral touye li, epi li apral resisite soti anba lanmò nan twazyèm jou a.