Scripture Stories
Chapit 40: Brebi pèdi a


Chapit 40

Bon Bèje a

Imaj
Jesus holding a lamb - He is the good shepherd - ch.39-1

Yon bèje se yon moun k ap gade mouton. Li ede yo jwenn manje ak dlo. Li pa kite moun blese yo ni li pa kite yo pèdi. Li konnen yo epi li renmen yo epi li gen dwa bay lavi li pou sove yo.

Imaj
Jesus tells the people that the good shepherd gives His life for the sheep - ch.39-2

Jezikri rele tèt li Bon Bèje. Li se bèje nou. Nou se mouton li. Li renmen nou. Li ede nou aprann laverite. Li anseye nou kijan pou n viv pou n kapab retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Li te bay lavi li pou nou.

Imaj
Jesus tells the people that He has other sheep - ch.39-3

Sovè a te di moun nan Jerizalèm yo ke li te gen lòt mouton. Li te di ke li t ap gen pou vizite lòt mouton sa yo. Moun yo pa t konprann.

Imaj
Jesus visits the people in the Americas after His resurrection - ch.39-4

Apre Jezi te fin resisite, li te vizite mouton l yo nan Amerik yo. Liv Mòmon an pale sou vizit li te fè nan kote sa a. Jezi te rete plizyè jou, ap geri malad ak beni moun yo. Li te bayo Prètriz la epi li te òganize legliz li a. Jezi te anseye moun sa yo menm bagay li te anseye moun nan Jerizalèm yo.