Scripture Stories
Chapit 1: Elizabèt ak Zakari


Chapit 1

Elizabèt ak Zakari

Imaj
Zacharias and Elisabeth praying for a child - ch.1-1

Zakari ak madanm ni, Elizabèt, sete Jwif ki t ap viv tou pre Jerizalèm. Yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Pandan anpil ane yo te priye pou yo te gen yon bebe. Lè yo te vin granmoun, yo te toujou pa t gen pitit.

Imaj
The angel Gabriel appearing to Zacharias in the temple. ch.1-2

Zakari sete yon prèt nan tanp lan. Yon jou yon zanj ki te rele Gabriyèl te parèt devan li. Gabriyèl te di ke Bondye te reponn priyè Zakari ak Elizabèt. Yo t ap gen yon bebe. Gabriyèl te di ke yo dwe rele ti bebe a Jan.

Imaj
The angel Gabriel talking to Zacharias in the temple. ch.1-3

Gabriyèl te di ke Jan t ap yon pwofèt fidèl Bondye. Li t ap anseye moun yo sou Jezikri.

Imaj
The angel Gabriel is speaking with Zacharias in the temple. ch.1-4

Zakari pa t kwè zanj la. Elizabèt te twò granmoun pou l te fè yon pitit. Gabriyèl te di paske li pa t kwè sa Bondye te pwomèt la, Zakari t ap vin bèbè jiskaske Jan te fèt.