Scripture Stories
Chapit 48: talan yo


Chapit 48

Talan yo

Imaj
Jesus tells His disciples about a man who gave his servants some talents - ch.48-1

Jezi te di disip yo yon istwa sou yon moun ki te bay sèvitè li kèk talan. Yon talan sete yon gwo kantite lajan.

Imaj
The man gives five talents to one servant, two talents to another, and one talent to another - ch.48-2

Mesye a te bay youn nan sèvitè yo senk talan. Li te bay yon lòt sèvitè de talan. Li te bay yon twazyèm sèvitè yon talan. Apresa mesye a te pati pou yon vwayaj.

Imaj
The servant with the five talents works and makes five more talents - ch.48-3

Sèvitè ki te gen senk talan an te travay di. Li te fè benefis senk talan. Kounyeya li te gen dis talan.

Imaj
The servant with the two talents makes two more talents - ch.48-4

Sèvitè ki te gen de talan an te travay di tou. Li te fè benefis de lòt talan. Kounyeya li te gen kat talan.

Imaj
The servant with one talent buries it in the ground - ch.48-5

Sèvitè ki te gen yon sèl talan an te antere l anba tè. Li te pè pou l pa t pèdi li. Li pa t travay pou l te fè okenn talan anplis.

Imaj
The man returns and asks his servants what they have done with their talents - ch.48-6

Lè mesye a te retounen, li te mande sèvitè l yo kisa yo te fè avèk talan yo a.

Imaj
The first servant brings his ten talents to the man - ch.48-7

Premye sèvitè a te pote dis talan ba li. Mesye a te kontan. Li te mete sèvitè responsab anpil bagay epi li te di l pou l fete avèk li.

Imaj
The second servant brings his four talents to the man - ch.48-8

Dezyèm sèvitè a te pote kat talan bay mèt la. Sa te fè mesye a kontan tou. Li te nonmen dezyèm sèvitè a responsab anpil bagay epi li te di l pou l fete avèk li.

Imaj
The servant with one talent brings the talent he buried - ch.48-9

Twazyèm sèvitè a te remèt mesye a talan an li te antere a. Mesye a pa t kontan. Li te di sèvite a ke l sete yon parese. Li ta dwe travay di pou fè plis talan.

Imaj
The man takes the talent from the third servant and gives it to the first - ch.48-10

Mesye a te pran talan an nan men twazyèm sèvitè a epi li te bay premye sèvitè a li. Apresa li te jete sèvitè parese a deyò. Mesye a nan istwa a se tankou Jezi. Nou se sèvitè yo. Jezi ap gen pou jije fason nou chak itilize talan yo ba nou yo.