Scripture Stories
Chapit 17: Moun fache nan Nazarèt


Chapit 17

Moun fache nan Nazarèt

Imaj
Jesus returns to Nazareth - ch.17-1

Jezi te ale Nazarèt, vil kote l te grandi a.

Imaj
Jesus stands up in the synagogue to read from Isaiah - ch.17-2

Jezi te ale nan yon sinagòg, yon bilding kote Jwif yo ale legliz. Li te kanpe ap li ekriti yo. Li te li pawòl pwofèt Ezayi yo. Ezayi te di ke Sovè a t ap vin sou tè a pou ede tout moun.

Imaj
Jesus sits down after reading from the scriptures - ch.17-3

Lè Jezi te fèmen ekriti yo epi li te chita, tout moun te gen je yo fikse sou li.

Imaj
Jesus tells the people in the synagogue that He is the Savior - ch.17-4

Jezi te di ke pawòl Ezayi yo sete konsènan li menm—ke li sete Sovè a. Moun yo te etone poutèt pawòl li yo. Yo te di: “Se pa pitit Jozèf la sa?” Yo pa t kwè ke Jezi sete Pitit Bondye a.

Imaj
Jesus tells the people He will not do miracles for those without faith - ch.17-5

Sovè a te konnen sa yo t ap panse. Yo te vle li fè yon mirak. Men Jezi te di yo ke li pa t ap fè mirak pou yo paske yo pa t gen lafwa nan li.

Imaj
Angry people from the synagogue take Jesus to the top of a hill to throw Him off - ch.17-6

Sa te fè moun yo fache. Yo te trennen Jezi sou tèt yon mòn epi yo te pare ppou te jete l anba nan falèz la .

Imaj
A man asks the Savior to heal his son saying that the disciples had been unable to help him - ch.33-1

Jezi te chape anba yo, epi li t ale nan yon lòt vil.