Scripture Stories
Apre Nouvo Testaman an


Apre Nouvo Testaman an

Imaj
The Apostles teach the gospel - ch.64-1

Dirijan Legliz yo te travay di pou anseye moun yo sou Jezikri. Yo te vizite Sen yo epi yo te ekri lèt voye ba yo. Moun te antre nan Legliz la nan anpil peyi. Moun mechan yo pa t vle moun yo kwè nan Jezikri.

Imaj
Wicked people change the commandments and lead some people astray. - ch.64-2

Mechan yo te vle chanje kòmandman yo. Kèk Sen te koute yo. Anpil te sispann kwè nan Jezi e yo pa t obeyi kòmandman yo.

Imaj
Many righteous Saint are killed. The Apostles are killed also and the Church is no longer on the earth. - ch.64-3

Yo te touye Apot yo ak anpil Sen. Pa t gen okenn moun ki te rete pou dirije Legliz la. Yo te retire kle Prètriz yo sou tè a. Moun yo pa t gen pwofèt pou gide yo. Legliz Jezikri a pa t sou tè a ankò. Apot Pyè ak Pòl te di sa te gen pou rive.

Imaj
Many different churches are established, but none are Jesus Christ's church. - ch.64-4

Dè santèn ane te pase. Te gen anpil legliz diferan. Okenn nan yo pa t gen Apot ni Prètriz Bondye a. Okenn nan legliz yo pa t Legliz Jezikri a. Men pwofèt yo te di ke apre anpil ane Legliz Jezikri a t ap gen pou retounen sou tè a ankò.

Imaj
In 1820 Joseph Smith goes to the woods near his home and prays. - ch.64-5

Nan lane 1820, yon tigason ki te rele Joseph Smith te anvi konnen ki legliz ki te Legliz Jezikri a. Li te ale nan boskè tou pre lakay li epi li te priye. Li te mande Bondye pou di li ki legliz ki te bon an.

Imaj
Heavenly Father and Jesus Christ appear to Joseph Smith.l - ch.64-6

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te parèt devan Joseph Smith. Sovè a te di Joseph pou l pa t antre nan okenn nan legliz yo paske yo youn pa t Legliz li a.

Imaj
Joseph Smith translates the gold plates. - ch.64-7

Bondye te chwazi pou l te fè Legliz Jezikri a retounen sou tè a pa lentèmedyè Joseph Smith. Bondye te voye zanj pou te bay Joseph Smith Prètriz la. Li te ede Joseph tradui Liv Mòmon an. Jou 6 Avril 1830 la, Legliz Jezikri a te òganize sou tè a ankò.

Imaj
Joseph Smith organizes the Church with Twelve Apostles - ch.64-8

Menmjan Jezi te chwazi Douz Apot lè l te sou tè a, Bondye te ede Joseph Smith chwazi Douz Apot pou ede l dirije Legliz la. Yo te bay mesye sa yo pouvwa pou anseye levanjil la ak pou fè mirak.

Imaj
Missionaries teach people about the true church. - ch.64-9

Jezi te vle tout moun konnen legliz li a. Li te di Joseph Smith pou l te voye misyonè pou anseye tout moun sou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Imaj
The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints is the same church Jesus organized when He was on the earth. Jesus Christ is pictured with the Salt Lake Temple in the background. - ch.64-10

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se menm legliz Jezi te òganize a lè l t ap viv sou tè a.