Scripture Stories
Chapit 19: Diskou sou mòn nan


Chapit 19

Diskou sou mòn nan

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus teaching on a mountainside by the Sea of Galilee - ch.20-1

Yon jou Jezi te anseye disip li yo levanjil la sou yon mòn bò Lanmè Galile a.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus is teaching the people how to live - ch.20-2

Li te di yo kijan pou yo te viv pou yo te ka gen kè kontan ak kijan pou y al viv ak Papa nou ki nan Syèl la ankò. Bagay li te anseye yo kapab fè nou gen kè kontan tou.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus is telling the people to be gentle, patient and willing to follow the Lord - ch.20-3

Jezi te di nou dwe janti, pasyan, ak dispoze pou obeyi Papa nou ki nan Syèl la.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus teaches the people that they should be righteous - ch.20-4

Nou dwe eseye otan nou kapab pou nou viv jan Bondye vle.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus teaches that we should forgive those who do wrong to us - a man who has been injured is pictured with his attacker - ch.20-5

Nou dwe eseye padone moun ki blese nou oubyen ki fè nou ditò. Si nou padone yo, Papa nou ki nan Syèl la ap padone nou.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus teaches the people to be peacemakers - people giving food to others is depicted - ch.20-6

Nou dwe patizan lapè, renmen lòt moun, epi ede tout moun pou youn renmen lòt.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus tells the people to spread the gospel and do good - a man teaching an older woman is depicted - ch.20-7

Nou pa dwe pè pale moun de levanjil la oubyen montre yo ke nou renmen Papa nou ki nan Syèl la. Lè lòt moun wè nou ap fè byen, sa ap ede yo kwè nan Bondye tou.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus teaches the people to keep promises - a man is depicted giving money to a woman who is selling bread - ch.20-8

Nou dwe toujou kenbe pwomès nou.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus teaches the people to treat others as they would want to be treated - a man is depicted helping a lame man walk - ch.20-9

Epi menmjan nou vle lòt moun bon avèk nou an, nou dwe bon avèk yo tou.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus tells the people they will be happy and blessed if they follow they things He has told them - ch.20-10

JEzi te di si nou fè bagay sa yo, n ap gen kè kontan, Papa nou ki nan Syèl la ap beni nou, epi na pral viv avèk li ankò.