Scripture Stories
Chapit 12: Nòs Kana a


Chapit 12

Nòs Kana a

Imaj
Mary approaches Jesus during the wedding feast in Cana to say there is no more wine to serve the guests - ch.12-1

Jezikri ak disip li yo te ale nan resepsyon yon nòs nan Kana. Mari, manman Jezi, te la. Li te di Jezi pa t gen diven ankò pou envite yo.

Imaj
Jesus tells Mary He will help - ch.12-2

Jezi te respekte manman li epi li te renmen li. Li te mande l kisa l te vle l fè.

Jan 2:4 (gade referans 4a)

Imaj
Mary tells the servants at the wedding feast to do whatever Jesus asks them to do - ch.12-3

Mari te di sèvitè yo nan nòs la pou yo fè tout sa Jezi te di yo fè.

Imaj
Jesus instructs the servants to fill some jars with water - ch.12-4

Jezi te di sèvitè yo pou yo te ranpli sis gwo kanari avèk dlo. Chak kanari te kenbe ant 18 ak 27 galon (68 ak 102 lit). Apresa li te fè dlo a tounen diven.

Imaj
A servant pours wine from one jar to another while Jesus looks on - ch.12-5

Li te di sèvitè yo pou yo pran diven nan kanari yo epi al sèvi mèt fèt la.

Imaj
The ruler of the feast drinks the wine - ch.12-6

Mèt fèt la te etone lè l te bwè diven an. Abityèlman yo te konn sèvi pibon diven an nan kòmansman fèt la. Men fwa sa a, yo te sèvi pibon diven an an dènye.

Imaj
Jesus performed this miracle to help his mother Mary - ch.12-7

Sa se premye mirak nou konnen Jezi te fè pandan lavi li sou tè a. Li te fè l pou l te ede manman li. Li te ede fòtifye lafwa disip li yo tou.