Scripture Stories
Chapit 7: Wa Maj yo


Chapit 7

Wa Maj yo

Imaj
The wise men see the star - ch.7-1

Gen kèk wa maj ki t ap viv nan yon lòt peyi. Yo te konnen sa pwofèt yo te di konsènan nesans Jezi a. Lè yo te wè yon nouvo zetwal parèt nan syèl la, yo te konnen ke yon nouvo wa te fèt.

Imaj
King Herod and the Wise Men - ch. 7-2

Wa Maj yo t al wè Ewòd, yon wa Jwif yo, nan Jerizalèm. Yo te mande l ki kote nouvo wa a te ye. Ewòd te di yo pou yo te chèche nan Betleyèm Lè yo jwenn ti bebe a pou yo retounen vin di Ewòd.

Imaj
The Wise Men worship Jesus - ch.7-3

Wa Maj yo te ale Betleyèm epi yo te jwenn Jezi. Yo te adore li epi yo te ba l kado. Yo te di yo nan yon rèv pou yo pa t retounen Jerizalèm pou al di Ewòd ki kote ti bebe a te ye. Yo pa t retounen.