Scripture Stories
Chapit 4: Jozèf ak zanj la


Chapit 4

Jozèf ak zanj la

Imaj
Joseph learns that Mary is going to have a baby - ch.4-1

Jozèf sete yon trè bon gason. Li menm ak Mari te gen pou yo te marye. Lè li te aprann ke Mari ta pral fè yon pitit, li pa t konn kisa pou l te fè. Paske bebe a se pa t pitit li, li te panse ke li pa t dwe marye avèk li.

Imaj
An angel appears to Joseph in a dream - ch.4-2

Yon jou swa yon zanj te parèt devan Jozèf nan yon rèv epi li te di l ke ti bebe Mari a sete Pitit Bondye a. Zanj la te di Jozèf pou l te marye avèk Mari epi pou l te rele ti bebe l la Jezi. Jezi se t ap Sovè mond lan.

Imaj
Joseph and Mary are married - ch.4-3

Jozèf te obeyi zanj lan epi li te marye avèk Mari.