Scripture Stories
Chapit 53: Jezi krisifye


Chapit 53

Jezi krisifye

Imaj
The soldiers mock and spit on Jesus - ch.53-1

Sòlda yo te bat Jezi avèk fwèt. Yo te mete yon rad wouj vyolèt sou li. Yo te fè yon kouwòn pikan epi yo te mete l sou tèt li. Yo te pase l nan betiz epi yo te krache sou li. Yo te rele l “Wa Jwif yo.”

Imaj
Jesus is nailed to the cross and lifted up between two thieves - ch.53-2

Anpil moun te suiv sòlda yo lè yo te pran Jezi pou mennen l sou yon ti mòn tou pre Jerizalèm. Yo te fè l pote pwòp kwa li. Yo te kloure men li ak pye li sou kwa a epi yo te leve l anlè. Yo te krisifye de lòt mesye avèk li tou, ki sete vòlè.

Imaj
Jesus asks Heavenly Father to forgive the soldiers - ch.53-3

Jezi te priye. Li te mande Papa nou ki nan Syèl la pou padone sòlda yo ki te krisifye l la. Yo pa t konnen ke li sete Sovè a.

Imaj
Jesus tells John to care of His mother Mary - ch.53-4

Mari, manman Jezi, te kanpe bò kwa a. Apot Jan te la tou. Jezi te di Jan pou pran swen manman li. Jan te mennen manman Jezi lakay li.

Imaj
Jesus dies on the cross - ch.53-5

Fènwa te kouvri peyi a. Sovè a te soufri sou kwa a pandan plizyè èdtan. Finalman lespri li te kite kò li, epi li te mouri.

Imaj
The soldiers are afraid when they see the earthquake - ch.53-6

Lè l te mouri, yon tranblemandtè te kraze gwo wòch yo an pyès. Rido ki te nan tanp lan, ke yo rele vwa la, te chire an de moso. Sòlda women yo te efreye.

Imaj
Jesus' body is placed in a tomb - ch.53-7

Youn nan disip Jezi yo te retire kò Sovè a sou kwa a. Li te vlope li nan yon dra epi li te mete l nan yon tonm, yon kote yo antere moun. Yo te woule yon gwo wòch mete devan tonm nan.