Scripture Stories
Chapit 52: Jijman Jezi


Chapit 52

Jijman Jezi a

Imaj
The men come to take Jesus away - ch.52-1

Chèf Juif yo te voye mesye avèk zam ak baton nan Jaden Jetsemane a.

Imaj
Judas Iscariot is with a group of men holding torches - ch.52-2

Jida Iskaryòt te ansanm avèk yo. Chèf prèt yo te peye Jida pou l t al montre mesye yo ki kote Jezi te ye.

Imaj
Judas kisses Jesus to betray Him - ch.52-3

Jida te bo Jezi pou montre mesye yo kiyès Jezi te ye. Mesye yo te arete Jezi. Yo te pase l nan betiz epi yo te frape li. Apresa yo te mennen Jezi bay Kayif, gran prèt la.

Imaj
Jesus is put on trial - ch.52-4

Dirijan Jwif yo te poze Jezi kesyon. Yo te di ke l te kraze lwa a dèske l te di ke li sete Pitit Bondye a. Jezi te di yo ke li sete Pitit Bondye. Yo te di Jezi te koupab epi li te dwe mouri.

Imaj
The Jewish leaders take Jesus to Pontius Pilate - ch.52-5

Chèf Jwif yo pa t gen otorite pou yo te touye Jezi. Yo te mennen l devan Pons Pilat, ki te kondane Jezi pou l mouri. Dirijan Jwif yo te di Pilat ke Jezi te anseye moun yo pou yo dezobeyi lwa Women an.

Imaj
The crowd asks for Barabbas to be released - ch.52-6

Pilat pa t panse Jezi te fè anyen ki pa bon. Li te vle lage Jezi. Foul moun yo te vle yo krisifye Jezi.

Imaj
Pilate can find no reason to kill Jesus ch.52-7

Pilat te toujou anvi lage Jezi. Men prèt yo ak moun yo te kontinye ap rele ke yo te vle Jezi krisifye.

Imaj
Pilate washes his hands - ch.52-8

Pilat te lave men li. Li te di ke li pa t responsab lanmò Jezi. Moun yo te di pou responsablite lanmò li tonbe sou yo. Pilat te di sòlda yo pou yo krisifye Jezi.