Scripture Stories
Chapit 62: Pòl obeyi Sentespri a


Chapit 62

Pòl obeyi Sentespri a

Imaj
Paul prays and is told to go to Jerusalem. - ch.62-1

Sentespri a te di Apot Pòl pou l te ale Jerizalèm. Sentespri a te di ke yo t ap mete Pòl nan prizon. Pòl pa t pè. Li te renmen Sovè a epi li te fè sa Sentespri a te di l pou l te fè a.

Imaj
Paul gives instruction to his friends before he leaves. - ch.62-2

Pòl te di zanmi l yo orevwa. Li te di yo ke l pap janm wè yo ankò. Li te di yo pou yo viv levanjil la epi respekte kòmandman Bondye yo. Pòl te avèti yo pou yo pa t koute moun ki ta pral eseye anseye yo bagay ki pa vrè yo.

Imaj
Paul's friends see him off in a boat. - ch.62-3

Pòl te di yo pou youn renmen lòt epi pou youn pran swen lòt. Li te mete ajenou epi li te priye avèk yo. Tout moun te kriye. Yo te ale avèk li nan bato a epi yo te gade Pòl pati al Jerizalèm.