Scripture Stories
Chapit 44: Sovè a ale Jerizalèm


Chapit 44

Sovè a ale Jerizalèm

Imaj
The Pharisees hear about Jesus raising Lazarus from the dead - ch.44-1

Kèk moun te di prèt yo ak Farizyen yo ke Jezi te resisite Laza. Farizyen yo te gen enpresyon ke tout moun t apral kwè nan Jezi. Yo te pè pou okenn moun pa t koute yo.

Imaj
The Pharisees plan to kill Jesus - ch.44-2

Farizyen yo te planifye yon fason pou touye Jezi. Yo te tann ni vini Jerizalèm pou fèt Pak la.

Imaj
Jesus rides into Jerusalem on a donkey and is greeted by people waving branches of palm trees - ch.44-3

Jezi te ale Jerizalèm. Anpil moun te tande ke l t ap vini epi yo t al rankontre li. Jezi te monte sou yon ti bourik pou antre nan vil la. Te gen yon pwofèt ki te ekri ke Pitit Bondye a t ap fè sa. Anpil moun te kwè ke Jezi sete Pitit Bondye. Yo te mete fèy palmis ak kèk nan rad yo atè a pou li pase. Yo te rele ozana epi yo te di ke Jezi sete wa yo.

Imaj
The disciples tell people that Jesus is a prophet from Nazareth - ch.44-4

Moun nan Jerizalèm yo te vin wè sa k t ap pase. Yo te mande kiyès Jezi te ye. Moun yo nan foul la te di yo ke li sete yon pwofèt ki soti Nazarèt.

Imaj
The Pharisees are angry because so many believe in the Savior - ch.44-5

Farizyen yo te fache. Yo pa t vle moun yo kwè ke Jezi sete Sovè a. Jezi te konnen Farizyen yo te vle touye li.

Imaj
Jesus tells the disciples that He will soon die - ch.44-6

Jezi te di disip li yo ke li ta pral mouri talè. Ke l ta pral soufri pou peche tout moun epi apresa mouri sou yon kwa. Ke l sete Sovè mond lan. Sete poutèt sa li te vin sou tè a.