Scripture Stories
Chapit 9: Jezi, ti gason


Chapit 9

Jezi, ti gason

Imaj
Jesus as a boy, praying - ch.9-1

Jezi te grandi nan vil Nazarèt. Li te aprann anpil bagay epi li te vin “gen kont lespri li, … epi favè Bondye te avèk li.”

Imaj
Jesus goes with Joseph, Mary and others to Jerusalem - ch.9-2

Lè Jezi te gen 12 an, li te ale avèk Jozèf ak Mari avèk yon gwoup moun pou yon selebrasyon nan Jerizalèm. Yo te rete la pandan plizyè jou.

Imaj
Joseph and Mary returning home from Jerusalem without Jesus - ch.9-3

Lè Jozèf ak Mari te pati pou retounen lakay yo, yo te panse ke Jezi t ap retounen Nazarèt avèk kèk zanmi. Men Jezi te rete Jerizalèm.

Imaj
Joseph and Mary looking for Jesus in Jerusalem - ch.9-4

Lè Jozèf ak Mari t al chèche Jezi, yo pa t kapab jwenn ni. Okenn moun nan gwoup yo a pa t wè li. Konsa Jozèf ak Mari te retounen al Jerizalèm. Yo te chèche Jezi pandan twa jou. Yo te tris anpil.

Imaj
Jesus with the teachers in the temple - ch.9-5

Finalman yo te jwenn Jezi nan tanp lan, ap pale avèk kèk enstriktè. Li t ap reponn kesyon yo. Enstriktè yo te etone wè tout sa Jezi te konnen.

Lik 2: 46–47 (gade referabs 46c)

Imaj
Joseph and Mary find Jesus in the temple - ch.9-6

Mari te di Jezi ke li menm ak Jozèf te gen kè kase akoz li menm. Jezi te reponn ke li t ap fè travay Papa li —travay Bondye Jozèf ak Mari pa t konprann.

Imaj
Jesus returns with Joseph and Mary to Nazareth - ch.9-7

Jezi te retounen Nazarèt avèk Jozèf ak Mari epi li te obeyi yo.

Imaj
Jesus continues to study - ch.9-8

Jezi te aprann plis an plis sou travay Papa li ki nan Syèl la.

Imaj
Jesus grows tall and strong - ch.9-9

Li t ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou.

Imaj
Jesus as a youth handing bread to a girl - ch.9-10

Moun yo te renmen li. Li te fè sa Bondye te vle l fè.

Imaj
Jesus as a youth, praying - ch.9-11

Bondye te renmen li.