Scripture Stories
Chapit 16: Pitit gason fonksyonè a


Chapit 16

Pitit gason fonksyonè a

Imaj
The son of a certain nobleman is very sick - ch.16-1

Yon fonksyonè nan pèp Jwif la te gen yon pitit gason ki te malad anpil. Tout moun te panse pitit gason l la ta pral mouri.

Imaj
The nobleman travels to the city of Cana to find Jesus - ch.16-2

Mesye a te kite pitit gason l la lakay epi li te vwayaje sou plizyè kilomèt al nan vil Kana a. Li te jwenn Jezi.

Imaj
The nobleman asks Jesus to come heal his son - ch.16-3

Mesye a te mande Sovè apou l te vini pou l geri pitit gason l la. Jezi te di li ke pitit gason l la t ap geri. Mesye a te kwè Jezi, epi li te derape retounen lakay li.

Imaj
The nobleman returns home to find his son recovering - ch.16-4

Sèvitè l yo te vin rankontre li. Yo te di l ke pitit gason l lan te kòmanse refè epi li t ap viv. Li te mande yo kilè pitit gason an te kòmanse refè. Yo te di li. Sete nan menm moman Jezi te di li pitit gason l lan t ap geri a.

Imaj
The nobleman sees his son recovering and he and his household have even more faith in Christ - ch.16-5

Mesye a te konnen ke Jezikri te geri pitit li a. Li menm ak fanmi li te kwè nan Sovè a.