Scripture Stories
Chapit 21: Jezi kòmande van yo ak lanm lanmè yo


Chapit 21

Jezi kòmande van yo ak lanm lanmè yo

Imaj
Jesus and His disciples in a boat on the Sea of Galilee in the midst of a storm - ch.24-1

Jezi ak disip li yo te nan yon kannòt sou Lanmè Galile a. Dòmi te pran Jezi. Van an te kòmanse vante byen fò, epi lanm lanmè yo te plen kannòt la ak dlo. Disip yo te pè pou yo pa t koule. Yo te reveye Jezi epi yo te mande l èd.

Imaj
Jesus rebukes the wind and the waves and it is calm - ch.24-2

Sovè a te kòmande van an pou l sispann soufle ak lanm lanmè yo pou yo bese. Van an te sispann, epi lanmè a te vin kalme.

Imaj
Jesus asks the disciples where their faith is - They wonder that He is able to command the wind and the waves - ch.24-3

Jezi te mande disip yo poukisa yo te pè. Li te di ke yo ta dwe gen plis lafwa. Yo t ap mande tèt yo ki kalite moun li ye paske li te ka kòmande menm van an ak lanmè a.