Scripture Stories
Chapit 14: Nikodèm


Chapit 14

Nikodèm

Imaj
Nicodemus - ch.14-1

Nikodèm te fè pati yon gwoup Jwif yo te rele Farizyen. Li te youn nan dirijan Jwif yo tou. Anpil Farizyen pa t kwè ke Bondye te voye Jezikri. Men Nikodèm te kwè akoz mirak li wè Jezi te fè yo.

Imaj
Nicodemus comes at night to talk to Jesus - ch.14-2

Nikodèm te vin pale avèk Sovè a yon jou swa. Jezi te di li ke pèsonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa fèt ankò.

Imaj
Nicodemus asks Jesus how a person can be born again - ch.14-3

Nikodèm pa t konprann. Kijan yon moun ka fèt ankò? Sovè a te eksplike ke li t ap pale sou bagay espirityèl. Pou yon moun fèt ankò, li dwe batize nan dlo epi resevwa Sentespri a.

Imaj
Jesus tells Nicodemus He is on earth to prepare a way for all men to return to Heavenly Father - ch.14-4

Jezi te eksplike ke yo te voye l sou tè a pou ede nou tout retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Li te di ke li t ap gen pou soufri pou peche nou yo epi mouri sou yon kwa pou nou te kapab gen lavi etènèl.

Imaj
Jesus tells Nicodemus that men need to choose the right to live in the kingdom of God - ch.14-5

Li te di ke nou bezwen kwè nan li epi chwazi bon bagay. Si nou fè bon bagay, n apral viv pou tout tan nan wayòm Bondye a.