Istwa nan Ekriti yo
Chapit 49: Premye Sentsèn nan


Chapit 49

Premye Sentsèn nan

Jews gather around a table for the Feast of the Passover - ch.49-1

Chak ane Juif yo te selebre yon fèt yo te rele Pak. Li te ede Juif yo sonje ke Bondye te sove zansèt yo nan tan Moyiz la.

Egzòd 12:27; Lik 22:7

The Savior sends Peter and John to get a room for the Passover feast - ch.49-2

Jezi ak Douz Apot yo te bezwen yon kote pou yo te manje festen Pak la. Sovè a te voye Pyè ak Jan al chèche yon chanm kay epi prepare tout bagay pou festen an.

Lik 22:8

Peter and John make arrangements for the room - ch.49-3

Yo te jwenn yon chanm kay epi yo te prepare festen an.

Lik 22:9–13

Jesus and His Apostles gather in the room for the Passover feast - ch.49-4

Jezi ak tout Apot yo te ale nan kote a. Yo te manje festen Pak la ansanm.

Lik 22:14

Jesus blesses the bread - ch.49-5

Jezi te bay Apot li yo Sentsèn nan pou lapremyè fwa. LI te pran pen an nan men li, li te beni li, epi apresa li te kase l an moso. Li te di Apot yo pou yo manje pen an.

Matye 26;26; Lik 22:19

Jesus tells His Apostles to think of His body when they eat the bread - ch.49-6

Jezi te di yo pou yo panse ak kò li lè y ap manje pen an. Li te mande yo pou yo sonje ke li t ap mouri pou yo.

Matye 26:26; Lik 22:19

Jesus pours wine into a cup - ch.49-7

Jezi te vide diven nan yon gode. Li te beni diven an epi li te di Apot yo pou yo bwè li.

Matye 26:27

Jesus tells the Apostles to think of His blood when they drink the wine - ch.49-8

Jezi te di yo pou yo panse avèk san li lè yo t ap bwè diven an. Li te mande yo pou yo sonje ke san l t ap koule epi li t ap soufri pou peche tout moun.

Mathe 26:28; Lik 22:20

Jesus tells His Apostles that wicked men will kill Him - ch.49-9

Jezi te di Apot yo tou ke moun mechan yo ta pral touye li byen vit. Onz Apot yo te tris anpil. Yo te renmen Sovè a e yo pa t vle li mouri. Jezi te konnen ke youn nan Apot yo ta pral ede moun mechan yo. Non li sete Jida Iskaryòt.

Matye 26:2, 14–16, 21–25