Scripture Stories
Chapit 47: Dis vyèj yo


Chapit 47

Dis vyèj yo

Imaj
Ten virgins wait at the door for the bridegroom - ch.47-1

Jezi te rakonte yon istwa sou dis jènfi ki te ale nan yon nòs. Yo t ap tann fiyanse a vini pou fè yo antre. Yo pa t konneen kilè li t ap vini.

Imaj
The wise virgins have extra oil for their lamps - ch.47-2

Dis jènfi yo te gen lanp ki te limen ak gaz. Senk nan yo te gen bon konprann. Yo te pote gaz an rezèv pou lanp yo.

Imaj
The foolish virgins had only the oil in their lamps - A woman stands looking at a lamp she holds in her hands - ch.47-3

Lòt senk jènfi yo sete tèt chaje. Yo te sèlman genyen gaz ki te nan lanp yo a.

Imaj
The five wise virgins put extra oil in their lamps while the five foolish go to find more oil - ch.47-4

Fiyanse a te pran tan pou l vini. Gaz nan lanp yo te fini. Senk jènfi bon konprann yo te gen gaz anplis pou yo te mete nan lanp yo. Senk sa ki te tèt chaje yo te oblije al achte gaz.

Imaj
The bridgroom comes and the five wise virgins go into the feast - ch.47-5

Pandan yo te ale a, fiyanse a te vini. Li te fè senk jènfi bon konprann yo antre nan nòs la.

Imaj
The five foolish virgins knock on the door - ch.47-6

Lè senk jènfi tèt chaje yo te retounen, pòt la te fèmen. Yo pa t kapab ale nan nòs la.

Imaj
Jesus Christ comes again and the righteous members are ready, but other members, like the foolish virgins, are not - ch.47-7

Jezi se tankou misye marye a nan istwa sa a. Manm Legliz yo se tankou dis jènfi yo. Lè Jezi ap vini ankò, kèk manm ap pare. Yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Gen lòt ki pa p pare. Yo pa p kapab avèk Sovè a lè l vini ankò.