Scripture Stories
Chapit 57: Mechan yo touye Etyèn


Chapit 57

Mechan yo touye Etyèn

Imaj
The Apostles continue to perform miracles after the death of Jesus. - ch.59-1

Anpil dirijan Jwif te panse ke mirak yo t ap sispann lè Jezi te mouri. Men, Apot yo te akonpli mirak tou. Anpil moun te kwè nan Jezikri epi yo te antre Legliz la.

Imaj
The Apostle James is killed. - ch.59-2

Sa te fè anpil dirijan Juif fache. Yo te mete Pyè ak Jan nan prizon. Wa Ewòd Agripa te fè yo touye Apot Jak.

Imaj
The Apostle Stephen. - ch.59-3

Apot yo te rele sèt gason pou ede yo dirije Legliz la. Youn ladan yo sete yon mesye jis ki te rele Etyèn. Li te anseye anpil moun levanjil la. Kèk moun mechan te bay manti epi yo te di ke Etyèn t ap pale kont lwa Jwif la. Yo te trennen l devan dirijan Jwif yo pou yo te ka jije li.

Imaj
Stephen tells the Jewish leaders that they killed Jesus Christ, the Son of God. - ch.59-4

Etyèn te di dirijan yo ke yo sete mechan. Li te di yo ke yo te touye Jezikri, Pitit Bondye a.

Imaj
Stephen looks into heaven and sees Heavenly Father and Jesus Christ. - ch.59-5

Apresa Etyèn te leve je gade syèl la epi li te wè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Lè l te di dirijan yo sa l te wè, yo te an kòlè.

Imaj
Stephen being stoned by the Jews. - ch.59-6

Yo te trennen Etyèn deyò lavi l la epi yo te touye l ak kout wòch. Yo te mete rad yo nan pye yon jèn gason ki te rele Sòl. Pandan Etyèn t ap mouri, li te mande Bondye pou l te resevwa lespri li. Li te mande Bondye pou padone moun ki te touye l yo. Epi apresa li te mouri.