Scripture Stories
Chapit 5: Jezikri fèt


Chapit 5

Jezikri fèt

Imaj
A decree is read that everyone must pay taxes - ch.5-1

Anperè Women an te fè yon lwa ke tout moun dwe peye taks. Jozèf ak Mari te viv nan Nazarèt. Yo te oblije vwayaje sou 105 kilomèt pou ale Betleyèm pou peye taks yo.

Imaj
Mary and Joseph travel to Bethlehem - ch.5-2

Sa pa t fasil pou Mari te vwayaje ale Betleyèm. Bebe l la te prèske fèt.

Imaj
Mary and Joseph are turned away from an inn in Bethlehem - ch.5-3

Lè Jozèf ak Mari te rive Betleyèm, tout otèl yo te ranpli avèk moun. Mari ak Jozèf te oblije ale nan yon etab. Yon etab se yon kote yo gade bèt.

Imaj
Joseph, Mary and the baby Jesus in a manger - ch.5-4

Se la tibebe a te fèt. Mari te vlope li nan twal epi li te mete l kouche nan yon ganmèl. Jozèf ak Mari te rele ti bebe a Jezi.

Imaj
An angel announces the birth of Christ to the shepherds - ch.5-5

Jou swa Jezi te fèt la, bèje yo t ap pran swen mouton yo nan jaden yo tou pre Betleyèm. Yon zanj te parèt devan yo. Bèje yo te pè.

Imaj
An angel announces the birth of Christ to the shepherds - ch.5-6

Zanj la te di yo ke yo pa bezwen pè. Li te gen gwo nouvèl pou yo: Sovè a, Jezikri, te fèt nan Betleyèm. Yo t ap jwenn ni kouche nan yon ganmèl.

Imaj
The shepherds gather around the baby Jesus - ch.5-7

Bèje yo te ale Betleyèm, kote yo te wè tibebe Jezi.

Imaj
The shepherds tell others about Christ's birth - ch.5-8

Bèje yo te kontan wè Sovè a. Yo te di lòt moun yo tout sa yo te tande ak wè.