Scripture Stories
Chapit 43: Jezi resisite Laza


Chapit 43

Jezi fè Laza retounen vivan ankò

Imaj
Jesus visits Lazarus and his sisters, Mary and Martha - ch.43-1

Yon mesye ki te rele Laza t ap viv nan Betani avèk sè li Mari ak Mat. Jezi te renmen Laza ak sè l yo, e yo te renmen Jezi tou.

Imaj
Lazarus becomes very sick while the Savior is in another town - ch.43-2

Laza te vin malad anpil. Sovè a te nan yon lòt vil. Mari ak Mat te voye nouvèl ba li pou di l ke Laza te malad.

Imaj
The Savior asks His disciples to go with Him to help Lazarus - ch.43-3

Sovè a te mande disip li yo pou yo te ale avèk li pou ede Laza. Disip yo te pè ale Betani. Li te tou pre Jerizalèm. Gen kèk moun nan Jerizalèm ki te vle touye Jezi.

Imaj
Jesus tells His disciples that Lazarus is dead, but He will bring him back to life - ch.43-4

Jezi te di disip li yo Laza te mouri. Li te di ke li t ap mennen l retounen nan lavi. Mirak sa a t ap ede disip yo konnen ke li sete Sovè a. Jezi te ale Betani. Lè l te rive, Laza te mouri depi kat jou.

Imaj
Martha tells Jesus that Lazarus would not have died if He had been there - ch.43-5

Mat te di Jezi ke Laza t ap toujou vivan si l te vin pi bonè a. Jezi te di Laza ki li t ap viv ankò. Li te mande Mat si li te kwè nan li. Mat te di wi. Li te konnen ke Jezi sete Sovè a.

Imaj
Mary kneels at Jesus' feet crying - ch.43-6

Mat te kite Jezi pou l t al jwenn sè l la, Mari. Mari t al rankontre Jezi tou. Anpil moun te suiv li. Mari te mete ajenou, li t ap kriye, nan pye Sovè a. Moun ki te avèk li yo t ap kriye tou. Jezi te mande ki kote kò Laza te ye.

Imaj
Jesus tells the people to move the stone in front of the place where Lazarus is buried - ch.43-7

Jezi te ale nan tonm nan kote yo te antere Laza a. Te gen yon wòch ki te devan li. Li te di moun yo pou yo deplase wòch la.

Imaj
Jesus prays to Heavenly Father - ch.43-8

Jezi te leve tèt li. Li te remèsye Papa nou ki nan Syèl la paske l tande priyè li.

Imaj
Jesus commands Lazarus to come forth - ch.43-9

Apresa, avèk yon gwo vwa, Jezi te di Laza pou l te sòti nan tonm nan. Laza te sòti. Anpil moun ki te wè mirak la lè sa a te kwè ke Jezi sete Sovè a.