Scripture Stories
Chapit 33: Aparisyon an glwa: Transfigirasyon an


Chapit 33

Aparisyon an glwa: Transfigirasyon an

Imaj
Jesus takes Peter, James and John to the top of a high mountain - ch.37-1

Jezi te pran Pyè, Jak, ak Jan mennen yo sou tèt yon mòn byen wo.

Imaj
Jesus prays, the glory of God comes upon Him, and Moses and Elias appear to Him - ch.37-2

Pandan Jezi t ap priye, glwa Bondye te desann sou li. Figi li te vin klere tankou solèy la De pwofèt Ansyen Testaman yo te rele Moyiz ak Eli te parèt. Yo te pale avèk li sou lanmò li ak rezirèksyon li ki te gen pou vini an.

Matye 17:2–3; Mak 9:3–4; Lik 9:29–31 (gade referans 31a)

Imaj
The Apostles fall asleep while Jesus is praying - ch.37-3

Pandan Jezi t ap priye, dòmi te pran Apot yo.

Imaj
Jesus Christ during the Transfiguration appears in His glory with Moses and Elias to Peter, James and John - ch.37-4

Lè yo te reveye, yo te wè glwa Jezikri, Moyiz, ak Eli. Yo te tande vwa Papa nou ki nan Syèl la temwaye: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li.”

Imaj
Jesus tells His Apostles to not fear - They look up and see that He is alone - ch.37-5

Apot yo te pè epi yo te tonbe atè. Jezi te touche yo epi li te di yo pou yo pa pè. Lè yo te gade, mesaje selès yo te ale. Jezi te di Apot yo pou yo pa di pèsonn sa yo te wè a jiskaske li fin mouri ak resisite.