Scripture Stories
Moun pou n konnen


Moun pou n konnen

Agripa

yon wa Women ki te dirije Izrayèl. Pòl te pale Agripa de Jezikri.

Ananyas

yon disip Jezikri ki te viv nan Damas. Li te beni Pòl epi li te pran swen li apre Pòl te vin avèg pandan yon vizyon.

Àn

yon vèv fidèl ki te wè Jezi lè l te tibebe epi ki te anseye moun yo ke Jezi sete Pitit Bondye a ak Redanmtè a

Bondye

ka fè referans ak Papa nou ki nan Syèl la oswa Jezikri

Elizabèt

manman Jan Batis

Elyas

yon pwofèt Ansyen Testaman an

Etyèn

yon dirijan jis nan Legliz Jezikri a. Farizyen yo te touye li.

Ewòd

yon wa mechan ki t ap gouvène Jerizalèm lè Jezi te fèt. Li te fè touye tout tibebe nan Betleyèm yo nan lespwa pou l te touye Jezi tibebe.

Ezayi

yon pwofèt Ansyen Testaman ki te ekri sou Jezi

Farizyen

dirijan Juif yo. Pifò nan yo te rayi Jezi ak disip li yo.

Gabriyèl

zanj ki te vizite Mari a epi ki te di l ke li t ap vin manman Jezi a. Gabriyèl te parèt devan Zakari tou epi li te di l ke l t ap gen yon pitit gason ki t ap rele Jan Batis.

Jak

youn nan Douz Apot Jezi yo. Li sete youn nan konseye Pyè yo apre lanmò Jezi.

Jan

youn nan Douz Apot Jezi yo. Li sete youn nan konseye Pyè yo apre lanmò Jezi.

Jan Batis

pwofèt ki te batize Jezi a. Li sete pitit Zakari ak Elizabèt

Jayiris

yon dirijan Jwif nan Kapènawòm. Jezi te leve pitit fi li soti nan lanmò.

Jezikri

Pitit Bondye ak Sovè mond lan. Li te soufri ak mouri pou peche nou.

Jida Iskaryòt

youn nan Apot Jezi yo. Jida te denonse Jezi bay mechan yo pou 30 pyès lajan.

Joseph Smith

Lè Joseph Smith te yon tigason, Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te vizite li. Yo te di l pou l pa t antre nan okenn legliz yo ki te sou tè a lè sa a paske you tout te lwen laverite. Atravè Joseph Smith, vrè Legliz Jezikri a te retabli sou tè a.

Jozèf

mari Mari. Jozèf te byen pran swen Jezi ak Mari.

Jwif

Izrayelit ki te fè pati wayòm Jida a. Jezi sete yon Jwif.

Kayif

gran prèt Jwif ki te pran pa nan kondane Jezi nan jijman l la

Laza

yon moun Jezi te leve soti nan lanmò.

Mari

manman Jezi

Mari ak Mat

sè Laza ak zanmi Jezi

Mari Magdala

zanmi Jezi epi premye moun ki te wè Jezi apre Rezirèksyon li

Matyas

yon disip Jezi ki te aple pou pran plas Jida Iskaryòt la antanke youn nan Douz Apot yo

Mesi

yon lòt non pou Jezikri

Moyiz

yon pwofèt Ansyen Testaman

Nikodèm

yon dirijan Jwif ki te kwè ke Jezi sete Sovè a. Jezi te anseye Nikodèm sou batèm.

Papa nou ki nan Syèl la (Pè Selès)

Papa kò espri nou. Nou priye li.

Pòl

yon mesye ki pa t renmen disip Jezi yo jisakaske li te wè Jezi nan yon vizyon epi li te vin konvèti. Apresa li te sèvi Bondye epi li te vin youn nan Apot yo. Yo te rele l Sòl tou.

Pons Pilat

gouvènè Women nan Jerizalèm nan. Juif yo te di Pilat pou l krisifye Jezi, epi Pilat te kite yo touye Jezi.

Pyè

youn nan Douz Apot Jezi yo ak Prezidan Legliz la apre lanmò Jezi.

Samariten

yon gwoup moun ki t ap viv nan peyi kote Jezi te viv la. Juif yo ak Samariten yo abityèlman youn pa t renmen lòt.

Satan

yon pitit espri Papa nou ki nan Syèl la. Li pa t obeyi Papa nou ki nan Syèl la, konsa yo te chase l soti nan syèl la. Li te vin tounen dyab la. Satan eseye tante moun pou fè yo fè sa k pa bon.

Sentespri

youn nan twa manm Divinite a. Li ede Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la. Li gen pouvwa pou ede moun konnen laverite. Li se yon espri e li pa gen yon kò lachè ak zo.

Silas

yon misyonè epi zanmi Pòl

Simeyon

yon mesye jis ki te wè tibebe Jezi nan tanp lan nan Jerizalèm

Simon

yon mesye nan Samari. Li te eseye achte Prètriz la nan men Pyè ak Jan. Yo te anseye li ke yon moun pa ka achte Prètriz la.

Sòl

gade Pòl

Sovè

Jezikri se Sovè a. Li te soufri epi li te mouri pou peche nou. Gras avèk li, nou kapab jwenn padon pou peche nou yo, si nou repanti, epi n pral viv pou tout tan.

Tabita

yon bon fi ke Pyè te fè leve soti nan lanmò

Women

moun ki te kontwole peyi kote Jezi t ap viv la pandan lavi li

Zakari

papa Jan Batis