Scripture Stories
Foto Tè Sent la


Foto Tè Sent la

(Chif ant parantèz yo se kantite istwa nan chapit la ki te pase nan kote yo montre a oubyen tou pre li.)

Betleyèm Jezikri te fèt nan vil sa a. (5, 7)

Tanp Sa a se yon modèl tanp nan Jerizalèm nan kote Jezi te anseye levanjil la epi chase moun ki t ap vann bèt pou sakrifis yo. (1, 6, 9, 11, 13, 45, 56)

Etap ki mennen nan tanp yo Sa yo se eskalye aktyèl ki mennen nan tanp lan.

Nazarèt Jezi te grandi nan vil sa a. (2, 4, 9, 17)

Jerizalèm Jezi ak Apot li yo te pase anpil tan ap anseye nan vil sa a. Jezi te mouri epi li te resisite nan kote sa a. (6, 39–40, 44–57, 63)

Rivyè Jouden an Jan Batis te batize Jezikri yon kote nan rivyè sa a. (10)

Dezè Jide a JEzikri te jene epi li te tante pa dyab la nan dezè a apre batèm ni. (11)

Samari Jezi te anseye yon fi sou dlo lavi bò yon pi nan peyi sa a. Pifò Juif yo te rayi pèp Samari a. (15, 58)

Galile ak Lanmè Galile a Anpil moun panse ke kolin sa a se kote Jezi te fè Diskou sou Mòn nan. Lanmè Galile a nan fon an. Jezi te anseye anpil moun levanjil la, enkli Apot li yo, tou pre kote sa a. Jezi te kalme yon tanpèt sou Lanmè Galile a. (18–22, 29, 34, 36)

Kapènaòm Win sa yo nan vil Kapènawòm nan. Jezi te akonpli anpil mirak nan vil sa a. (23–25, 30)

Sezare Filip Nan zòn sa a Jezi te temwaye de lanmò li ak Rezirèksyon li, epi Pyè te temwaye ke Jezi se Pitit Bondye. (32)

Jeriko Nan parabòl Bon Samariten an, yo te prèske touye yon mesye ki t ap vwayaje sou wout pou ale nan vil sa a. (35)

Montay Tabor Se kapab kote sa a Transfigirasyon Jezikri a te pase. (33)

Jaden Jetsemane Jezikri te priye, soufri pou peche nou yo, te trayi pa Jida, epi te arete nan jaden sa a. (51, 52)

Gòlgota Sa gen dwa se kote Jezikri te mouri sou kwa a. (53)

Tonm nan Jaden an Se gen dwa kote Jezikri te antere, resisite, epi pale avèk Mari Magadala a. (53, 54)