Scripture Stories
Chapit 10: Jezi batize


Chapit 10

Jezi batize

Imaj
John the Baptist in the desert - ch.10-1

Jan te viv nan dezè a pandan anpil ane. Li te mete rad ki te fèt avèk plim chamo, epi li te manje gato myèl ak krikèt. Moun te vini soti tout kote pou tande li ap anseye. Yo te rekonèt li kòm Jan Batis.

Imaj
John the Baptist teaching the people about Jesus Christ - ch.10-2

Jan Batis te anseye moun yo sou Jezikri. Li te di yo pou yo repanti pou peche yo epi vin batize. Jan te batize moun ki te repanti pou peche yo.

Imaj
John the Baptist preaching to the people - ch.10-3

Moun yo te mande Jan Batis kijan pou yo te viv pi byen. Li te di yo pou yo pataje avèk pòv yo, di laverite, epi viv byen avèk lòt moun. Li te di ke Jezikri t ap vini byen vit. Jezi t ap ba yo don Sentespri a.

Imaj
Jesus Christ asks John to baptize Him - ch.10-4

Yon jou pandan Jan Batis t ap batize moun yo nan Rivyè Jouden an, Jezikri te vin jwenn ni. Li te mande Jan pou batize li. Jan te konnen ke Jezi te toujou obeyi kòmandman Bondye yo e li pa t bezwen repanti. Jan te panse ke Jezi pa t bezwen batize.

Imaj
John the Baptist baptizes Jesus - ch.10-5

Men Bondye te kòmande tout moun pou yo batize, konsa Jezi te di Jan pou l batize li. Jezi te tabli yon egzanp pou nou lefèt ke l te obeyi kòmandman Bondye a pou batize a.

Imaj
Jesus comes up out of the water after being baptized - ch.10-6

Lè Jezi te soti nan dlo a, Sentespri a te desann sou li. Bondye te pale apati syèl la, li te di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la, li fè kè m kontan anpil.” Jan Batis te temwaye ke Jezi sete Pitit Gason Bondye tou.

Matye 3: 16–17; Jan 1: 33–36; Jezi, Kris la, 150