Scripture Stories
Chapit 59: Sòl aprann sou Jezi


Chapit 59

Sòl aprann sou Jezi

Imaj
Paul walking with a friend on the road to Damascus. - ch.60-1

Sòl te gade moun yo ki te touye Etyèn yo. Yon jou Sòl t ap mache pou al lavil Damas avèk kèk zanmi. Li te vle pou yo mete kèk nan disip Kris yo nan prizon.

Imaj
Paul sees a bright light and hears the voice of Jesus Christ. - ch.60-2

Toudenkou, yon limyè klere soti nan syèl la vin antoure li. Li te tonbe atè. Epi li te tande vwa Jezi ki t ap mande li poukisa li t ap pèsekite Sen yo konsa. Sòl te efreye. Li te mande Jezi kisa pou l te fè. Sovè a te di li pou l te ale lavil Damas. Nan kote sa a yo t ap di Sòl kisa pou l te fè.

Imaj
Paul, being blind, is led by a friend along the road. - ch.60-3

Sòl te louvri je li, men li pa t kapab wè. Li te avèg. Zanmi l yo te pran l mennen Damas.

Imaj
Christ appears to Ananias in a vision and tells him to go to Paul. - ch.60-4

Yon disip Jezikri yo te rele Ananyas t ap viv nan Damas. Nan yon vizyon, Jezi te di Ananyas pou l t al jwenn Sòl.

Imaj
Ananias blesses Paul. - ch.60-5

Ananyas te gen Prètriz la. Li te mete men l sou tèt Sòl epi li te beni li pou Sòl te ka retounen wè ankò. Apre l te fin geri, Sòl te batize epi li te resevwa don Sentespri a.

Imaj
Paul preaches the gospel in other lands. - ch.60-6

Sòl te chanje non li vin rele Pòl. Li te aple pou vin yon Apot. Li te vin yon misyonè pou Legliz la. Li te ekri anpil lèt. Li te al nan anpil peyi pou anseye levanjil la.