Scripture Stories
Kontni


Kontni

Sous

Kèk nan enfòmasyon ki nan liv sa a soti nan sous ki pa ekriti ke nou site anba a.

Diksyonè Bib nan edisyon Sen Dènye Jou Vèsyon Bib Wa Jak la (1979)

Jak E. Talmage, Jezi, Kris la, 3zèm edisyon (1916)

Ansèyman Pwofèt Joseph Smith, sel. Joseph Fielding Smith (1976)

Pou lektè a

Istwa Nouvo Testaman yo ekri espesyalman pou ou. Istwa sa yo soti nan yon liv ki sakre. Pandan w ap li istwa sa yo, sonje ke yo konsène moun reyèl ki te viv sa gen lontan.

Li istwa yo plizyè fwa jiskaske ou konnen yo byen. Ou pral anvi li yo nan Bib la tou. Anba pifò nan foto yo, w ap jwenn referans ki ap di ou ki kote pou w jwenn istwa sa a nan Bib la oswa nan lòt liv. Fè papa ou, manman ou, enstriktè ou, oswa yon zanmi ede ou jwenn istwa a nan ekriti yo.

Si w pa konnen kisa yon mo vle di, al gade nan seksyon “Mo pou konnen” an ki nan paj dèyè yo nan liv sa a. Si w vle aprann plis sou yon zòn, al chèche nan seksyon “kote pou konnen” an. Si ou pa konnen kiyès yon moun ye, chèche li nan seksyon “Moun pou konnen” an. Liv sa a gen yon seksyon avèk foto kote nan Tè Sent la ak kwonoloji Nouvo Testaman an tou.

Pou paran yo ak enstriktè yo

Liv sa a kapab ede ou anseye ekriti yo. Itilize seksyon “Mo pou konnen”, “Kote pou konnen” ak “Moun pou konnen” yo pou ede timoun yo vin abitye avèk mo yo, moun yo, ak kote yo nan liv sa a. Lòt èd ki nan liv sa a gen ladan yo kat, foto, ak yon kwonoloji.

Lè w ap anseye, pataje temwayaj ou sou Bib la. Ankouraje moun w ap anseye yo pou yo chèche, nan lapriyè, akeri pwòp temwayaj pa yo konsènan ekriti yo ak konsènan Sovè a, Jezikri. Konpreyansyon moun w ap anseye yo ap grandi vin pi gran toujou amezi w ap li pou yo istwa yo pi renmen yo soti nan Bib la li menm.