Scripture Stories
Chapit 20: Jezi anseye sou lapriyè


Chapit 20

Jezi anseye sou lapriyè

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus tells His disciples that they should pray in private - depicted is a man praying in public to be seen of men - ch.21-1

Jezi te anseye disip li yo kijan pou yo lapriyè. Li te di ke gen moun ki priye sèlman pou lòt moun ka wè yo ap lapriyè. Jezi te anseye ke nou dwe fè priyè pèsonèl nou kote nou kapab poukont nou, si posib.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus tells His disciples that they should think about what they are saying and not use vain repetitions - ch.21-2

Li te di ke gen moun ki repete menm pawòl yo san rete lè y ap priye. Yo pa reyèlman ap panse sou sa y ap di a. Jezi te di ke nou dwe priye sensèman pou sa nou bezwen.

Imaj
Sermon on the Mount - Jesus shows His disciples how to pray - the Lord's Prayer - ch.21-3

Sovè a te fè yon priyè pou montre disip li yo kijan pou yo priye. Li te kòmanse di: “Papa nou … ki nan Syèl la.” Li te louwe Papa nou ki nan Syèl la epi li te mande l èd. Li te di “amèn” nan fen priyè l la. Nan apre, Jezi te di disip li yo pou yo priye Papa a nan non li. Li te pwomèt ke Papa nou ki nan Syèl la ap reponn priyè yo.