Scripture Stories
Chapit 37: Dis lepre yo


Chapit 37

Dis lepre yo

Imaj
Jesus sees ten lepers - ch.38-1

Jezi te ale nan yon ti vil kote li te wè dis lepre. Lepre se moun ki malad. Maladi yo te lakoz yo gen gwo maleng terib sou tout kò yo.

Imaj
People are afraid to go near the lepers - ch.38-2

Doktè yo pa t ka ede moun ki te gen lèp yo. Tout moun te pè al bò kote yo. Yo pa t vle pou yo te vin malad tou.

Imaj
The lepers ask Jesus to heal them - ch.38-3

Lepre yo te mande Jezi pou geri yo. Yo te konnen li te ka geri maleng yo.

Imaj
Jesus sent the lepers to the priests - ch.38-4

Jezi te vle yo geri. Li te di yo pou yo ale al fè prèt yo wè yo.

Imaj
The lepers are healed on their way to see the priest - ch.38

Sou wout yo pou al wè prèt yo, dis lepre yo te geri. Maleng yo te geri.

Imaj
One leper returns to thank Jesus - Jesus asks where the other nine are - ch.38-6

Youn nan lepre yo te konnen ke Jezi te geri yo. Li te retounen al jwenn ni. Jezi te mande ki kote lòt nèf lepre yo te ye. Yo pa t retounen. Jezi te di lepre a ki te vin remèsye la la se lafwa li ki te fè l geri.