Scripture Stories
Chapit 28: Jezi bay senk mil moun manje


Chapit 28

Jezi bay senk mil moun manje

Imaj
Jesus is told that John the Baptist has been killed - ch.28-1

Kèk zanmi Jan Batis te di Jezi ke wa a te touye Jan.

Imaj
Jesus goes to a place near the Sea of Galilee to be alone, but over 5000 people come to hear Him teach - ch.28-2

Lè Jezi te tande sa, li te ale nan yon zòn tou pre Lanmè Galile a pou l te ka poukont li. Anpil moun te vin konnen li te la. Plis pase 5.000 moun te suiv li an esperan ke li t ap anseye yo.

Imaj
Jesus' disciples want the people to go buy their own food - ch.28-3

Jezi te anseye yo anpil bagay. Li te lè pou manje, men pifò nan moun yo pa t gen manje. Disip yo te vle Jezi voye moun yo ale nan vilaj ki te pi pre yo pou al achte manje.

Imaj
The disciples find a boy with five loaves of bread and two small fish - ch.28-4

Jezi te di disip yo al al chèche konnen si gen moun ki te pote manje. Yo te jwenn yon tigason ki te gen senk pen ak de ti pwason.

Imaj
Jesus blesses the bread and the fish and divided it into pieces - ch.28-5

Jezi te di tout moun yo pou yo chita. Li te beni pen an ak pwason an epi li te kase manje a an timoso.

Imaj
The disciples pass the food to the people and there is more than enough - ch.28-6

Disip yo te bay moun yo manje. Te gen plis pase ase pou tout moun.