Scripture Stories
Entwodiksyon: Plan Papa nou ki nan Syèl la


Entwodiksyon

Plan Papa nou ki nan Syèl la

Imaj
Heavenly Father with a group of children - intro.-1

Nou te viv nan syèl la avèk Papa nou ki nan Syèl la anvan nou te vin sou tè a. Nou se pitit lespri li epi nou te gen kò lespri. Nou te renmen li, epi li te renmen nou.

Ansèyman Pwofèt Joseph Smith, 354

Imaj
Heavenly Father explains the plan of salvation - intro.-2

Papa nou ki nan Syèl la te anseye nou osijè plan li pou nou. Li rele plan Sali a. Si nou suiv plan li a, nou kapab vin tankou Papa nou ki nan Syèl la. Plan an sete pou nou vin sou tè a pou n gen kò lachè ak san. Pou nou te pase anba eprèv pou yo wè si nou t ap chwazi pou n obeyi kòmandman Bondye yo.

Imaj
Jesus Christ and Satan listen to Heavenly Father explain the plan of salvation - intro.-3

Plan Sali a bay yon mwayen pou nou viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò. Nou t ap bezwen respekte kòmandman yo. Men nou t ap bezwen èd tou. Nou t ap bezwen yo retire peche nou yo, epi nou t ap bezwen kò resisite. Paske nou pa t ap kapab retire peche nou yo ni resisite kò nou, nou te bezwen yon Sovè pou fè sa pou nou.

Imaj
Heavenly Father chooses Jesus Christ to be the Savior - intro.-4

Papa nou ki nan Syèl la te chwazi Jezikri pou l te Sovè nou. Jezi te renmen Papa nou ki nan Syèl la. Jezi te renmen nou tou. Li te dakò pou vin sou tè a pou montre nou kijan pou nou jis. Li t ap bay chemen pou nou tout kapab sove a. Li te dakò pou soufri pou peche nou yo. Li t ap mouri epi resisite tou pou nou te kapab resisite tou.

Imaj
Satan - intro.-5

Satan te vle vin sovè nou tou. Men li pa t renmen Papa nou ki nan Syèl la. Li pa t renmen nou. Li te vle chanje plan Papa nou ki nan Syèl la pou l te kapab gen pouvwa ak laglwa Papa nou ki nan Syèl la.

Imaj
Satan leads his followers away - intro.-6

Kèk nan pitit lespri Papa nou ki nan Syèl la te chwazi pou suiv Satan. Sa te fè Papa nou ki nan Syèl la mal anpil. Li te fè Satan ak moun ki te suiv li yo ale kite syèl la. Satan se dyab la. Li menm ak lespri ki te suiv li yo vle nou fè peche.

Imaj
Jesus Christ creating the earth. He stands with arms upraised and planets in the background. - intro.-7

Papa nou ki nan Syèl la te di Jezi pou l fè yon tè pou nou. Jezi te fè sa. Li te fè solèy la, lalin nan, ak zetwal yo. Li te mete plant ak bèt sou tè a. Kounyeya nou te gen yon tè pou n vini kote nou t ap gen kò lachè ak san.

Imaj
A prophet teaches the people. He is holding stone tablets. - intro.-8

Anpil moun vin viv sou tè a. Gen kèk nan yo ki chwazi pou obeyi kòmandman Bondye yo; genyen ki pa obeyi. Ansyen pwofèt yo te anseye moun yo sou plan Papa nou ki nan Syèl la ak sou Jezikri.

Imaj
A prophet sees Mary holding the baby Jesus. He is writing on a piece of paper. - intro.-9

Pwofèt yo te di ke papa Jezi se t ap Papa nou ki nan Syèl la. Manman l t ap yon trè bon fi ki rele Mari. Li t ap fèt nan Betleyèm.

Imaj
A prophet explains that Jesus would look like other people. Jesus is depicted using carpentry tools. - intro.-10

Pwofèt yo te di ke anpil moun pa t ap kwè ke Jezi sete Sovè a. Li t ap sanble avèk tout lòt moun e li pa t ap rich. Anpil moun t ap rayi li.

Imaj
A prophet tells of John the Baptist who will come before Jesus Christ comes. - intro.-11

Pwofèt yo te pale de Jan Batis tou. Li t ap vini anvan Jezi pou pale moun yo de li. Jan t ap batize Jezi.

Imaj
A prophet explains that Jesus will perform many miracles. Christ is depicted with a lame man. - intro.-12

Pwofèt yo te di ke Jezi t ap yon bon moun e li t ap fè anpil mirak. Anvan l te mouri, Jezi t ap soufri pou peche tout moun pou yo pa gen pou yo soufri si yo repanti.

Imaj
A prophet foretelling the crucifixion of Jesus Christ. - intro.-13

Anpil pwofèt te konnen ke Jezikri, Sovè nou, ta pral krisifye. Li ta pral kloure sou yon kwa epi bay lavi li pou nou.

Imaj
A prophet tells the people that Christ will be resurrected after three days. - intro.-14

Apre twa jou, li t ap resisite. Espri li t ap retounen nan kò li. Paske Jezi t ap mouri epi resisite, nou tout t ap resisite tou.

Imaj
Jesus, His Apostles and others- intro.-15

Nouvo Testaman an montre ke pawòl pwofèt yo vrè. Li se istwa Jezikri ak Apot li yo. Yo te viv nan Tè Sent la. Anpil nan moun ki te viv kote sa yo te rele Jwif. Women yo te mete Tè Sent la sou lokipapsyon, e yo t ap gouvène Jwif yo.