Scripture Stories
Chapit 51: Jezi soufri nan Jaden Jetsemane an


Chapit 51

Jezi soufri nan Jaden Jetsemane a

Imaj
Jesus and His Apostles go to the Garden of Gethsemane - ch.51-1

Jezi ak Apot li yo te ale nan Jaden Jetsemane a. Jida pa t ale avèk yo. Li t al di dirijan Jwif yo ki kote Jezi te ye.

Imaj
Jesus asks Peter, James and John to go with Him into the garden and wait there - ch.51-2

Sovè a te mande Pyè, Jak, ak Jan pou yo ale avèk li nan jaden an. Li te mande yo pou yo te tann pandan l t ap priye.

Imaj
Jesus prays in Gethsemane - ch.51-3

Jezi te konnen ke li te bezwen soufri pou peche tout moun. Li pa t anvi soufri, men li te chwazi pou l obeyi Papa nou ki nan Syèl la.

Imaj
Jesus sees Peter, James, and John sleeping and asks them to stay awake - ch.51-4

Dòmi te pran Pyè, Jak, ak Jan pandan Jezi t ap priye a. Jezi te tounen epi li te jwenn yo ap dòmi. Li te mande yo pou yo rete reveye.

Imaj
Jesus finds Peter, James, and John sleeping again - ch.51-5

Li t al priye ankò. Pyè, Jak, ak Jan te anvi rete reveye, men yo te fatige anpil. Dòmi te pran yo ankò. Jezi te jwenn yo ap dòmi ankò. Li te ale epi li te priye yon twazyèm fwa.

Imaj
Jesus suffers for the sins of all people - ch.51-6

Pandan Jezi t ap priye, li te kòmanse tranble akoz doulè a. Yon zanj te vini pou ba l fòs. Li te sitèlman soufri ke swè te koule sou li tonbe atè tankou degout san Li t ap soufri pou tout peche nou yo pou nou kapab jwenn padon si nou repanti.

Imaj
Jesus wakes up Peter, James, and John and tells them He will be betrayed - ch.51-7

Jezi te reveye Pyè, Jak, ak Jan. Li te di yo ke yo ta pral trayi li epi touye li. Jezi te di ke moun mechan yo t ap vini pou vin pran li.