Scripture Stories
Chapit 18: Jezi chwazi apot li yo


Chapit 18

Jezi chwazi apot li yo

Imaj
Jesus teaches people from a boat on the shore of the Sea of Galilee - ch.18-1

Yon jou Jezi te anseye moun yo pandan l te nan yon kannòt bò rivaj Lanmè Galile a. Kannòt la sete pou yon mesye yo te rele Pyè.

Imaj
Jesus tells Peter to take his boat into deep water - ch.18-2

Pyè ak zanmi l yo te peche tout nuit la san yo pa t kenbe yon pwason. Lè Jezi te fin anseye, li te di Pyè pou l te vanse yon ti kras nan fon. Apresa li te di Pyè ak zanmi l yo pou yo te lage nas yo nan dlo a.

Imaj
Peter catches so many fish that the net breaks - ch.18-3

Yo te pran sitèlman pwason ke nas yo te kòmanse chire.

Imaj
Peter calls to men in another boat to help carry all the fish - ch.18-4

Pyè te fè asosye l yo ki te nan lòt kannòt la siy pou vin ede yo. De kannòt yo te sitèlman plen pwason ke yo te prèt pou koule.

Imaj
Peter is amazed at the number of fish he has caught - ch.18-5

Pyè ak zanmi l yo te pran sezisman. Yo te konnen sete Jezikri ki te fè bagay sa a rive.

Imaj
Peter kneels at the Savior's feet - ch.18-6

Pyè te mete ajenou nan pye Sovè a. Li te di ke li pa t diy pou rete toupre Jezi. Jezi te di Pyè li pa bezwen pè.

Imaj
Jesus tells Peter, James and John to follow Him - ch.18-7

De zanmi Pyè yo, Jak ak Jan, sete frè yo te ye. Jezi te di Pyè, Jak, ak Jan pou yo suiv li pou yo ka vin “pechè moun.” Mesye yo te kite tout babay yo te genyen epi yo t ale avèk Jezi. Sovè a te rele lòt moun pou suiv li tou.

Imaj
Jesus ordains the Apostles - ch.18-8

Jezi te chwazi douz Apot pou dirije Legliz li a. Li te priye tout lannuit pou l te kapab chwazi moun egzak yo. Nan demen maten li te chwazi epi òdone douz mesye, li te bayo Prètriz la ak otorite pou yo te ka Apot.

Imaj
The Apostles go forth to preach - ch.18-9

Apot yo te vwayaje ale nan anpil kote. Yo te anseye levanjil la e geri moun yo. Yo te retounen al di Jezi kisa yo te fè.