Scripture Stories
Chapit 13: Jezi ak kay Papa nou ki nan Syèl la


Chapit 13

Jezi ak Kay Papa nou ki nan Syèl la

Imaj
Jesus goes to the temple in Jerusalem - ch.13-1

Jezi te ale nan tanp la nan Jerizalèm. Anpil moun te la pou fè yon sakrifis kote yo touye yon bèt epi boule li sou yon otèl. Sakrifis la te ede moun yo panse avèk Sovè a, ki t ap gen pou sakrifye tèt li kote l t ap gen pou soufri ak mouri pou yo.

Imaj
Jesus sees men selling animals in the temple - ch.13-2

Gen kèk moun ki pa t gen yon bèt pou sakrifye. Moun yo te vann bèt yo nan tanp lan. Moun ki t ap vann yo te konn fè anpil kòb. Yo pa t panse avèk Bondye.

Imaj
Jesus tells the men that the temple is a holy place - ch.13-3

Jezi te wè moun yo ap vann bèt nan tanp lan. Li te di ke tanp lan sete kay Papa nou ki nan Syèl la, yon lye sakre. Li te di moun yo ke yo pa dwe achte ni vann bagay nan kote sa a.

Imaj
Jesus uses a whip to drive the money changers from the temple - ch.13-4

Jezi te fè yon fwèt, li te chavire tab yo tèt anba, li te voye lajan yo atè, epi li te fè vandè yo ale kite tanp lan. Li pa t ap kite yo fè bagay mechan nan kay Papa nou ki nan Syèl la.