Scripture Stories
Chapit 35: Bon Samariten an


Chapit 35

Bon Samariten an

Imaj
Jesus teaching the people - ch.36-1

Jezi te rakonte anpil istwa, oswa parabòl, pou l te ede moun yo aprann laverite.

Imaj
A leader of the Jews asks Jesus "Who is my neighbor?" - ch.36-2

Yon jou yon dirijan Jwif yo te mande Jezi kisa pou l te fè pou l te gen lavi etènèl. Sovè a te mande li kisa ekriti yo te di. Dirijan an te di ke yon moun dwe renmen Bondye epi renmen pwochen li tou. Jezi te di se byen. Apresa dirijan an te mande: “Kiyès ki pwochen mwen?”

Imaj
A man is attacked by thieves on his way to Jericho - ch.36-3

Jezi te reponn avèk yon istwa ke l te rakonte mesye a. Yon jou yon mesye Juif t ap mache sou wout pou ale nan vil Jeriko a. Vòlè te atake li epi yo te bat li. Yo te kite mesye a sou wout la, prèske pou mouri.

Imaj
A Jewish priest sees the man who was robbed and beaten, but passes by on the other side of the road - ch.36-4

Byen vit yon prêt Juif te vin pase epi li te wè mesye a. Prèt la te pase sou lòtbò wout la. Li pa t ede mesye a.

Imaj
A Levite also sees the man and passes by - ch.36-5

Yon lòt Juif ki t ap travay nan tanp te vin pase. Li te wè mesye blese a. Men li pa t ede l non plis epi li te travèse sou lòtbò wout la.

Imaj
A Samaritan stops and helps the man - ch.36-6

Apresa yon Samariten te vin pase. Juif yo ak Samariten yo pa t zanmi. Men lè Samariten an te wè mesye yo, li te santi kè l fè l mal. Li te pran swen blesi mesye a epi li te mete rad sou li.

Lik 10:33–34; Jan 4:9; Diksyonè Bib, “Samariten” 768

Imaj
The Samaritan leaves some money with the innkeeper to take care of the Jew - ch.36-7

Samariten an te mennen mesye a nan yon otèl epi li te pran swen li jiska demen. Lè Samariten an te gen pou l ale, li te bay mèt otèl la lajan epi li te di l pou l pran swen mesye a.

Imaj
Jesus asks the leader of the Jews, which of the three men was neighbor unto the injured man - ch.36-8

Lè Jezi te fin rakonte istwa sa a, li te mande dirijan Juif la kiyès nan twa mesye yo ki te pwochen mesye blese a.

Imaj
The leader says that the Samaritan was the neighbor because he helped the injured man and Jesus tells the leader to do likewise - ch.36-9

Dirijan an sete yon Samariten an paske li te ede mesye a. Jezi te di dirijan Jwif la pou l t al fè tankou Samariten an.