Scripture Stories
Dezyèm parabòl la: Pyès lajan ki te pèdi a


Dezyèm parabòl la

Pyès lajan ki te pèdi a

Imaj
A woman searches for a lost coin - ch.35-11

Yon fi te gen 10 pyès lajan. Li te pèdi youn ladan yo. Li te chèche nan tout kwen kay la.

Imaj
The woman calls her friends together to rejoice with her in finding the coin - ch.35-12

Finalman li te jwenn pyès lajan an. Li te kontan anpil. Li te rele zanmi li ak vwazen li pou l te di yo sa. Yo menm tou yo te kontan dèske l te jwenn pyès lajan ki te pèdi a.

Imaj
Jesus compares the lost coin to a member of the Church who was less active and has come back - ch.35-14

Dirijan legliz yo ak manm yo se tankou fi a nan istwa a; pyès lajan pèdi a se tankou yon manm Legliz la ki pa ale legliz oubyen ki pa respekte kòmandman yo ankò. Se kòmsi yo pèdi pou legliz la. Jezikri vle manm Legliz yo jwenn tout frè ak sè ki pèdi epi ede yo retounen vin jwenn ni. Li kontan anpil lè sa rive.

Jezikri, 455–56

Imaj
The angels are happy when a person repents and comes back into the Church - ch.35-13

Zanmi yo ak vwazen yo nan istwa a se tankou zanj Bondye yo. Zanj yo kontan anpil lè yon moun repanti.