Scripture Stories
Chapit 39: Jezi geri yon moun avèg


Chapit 39

Jezi geri yon moun avèg

Imaj
The disciples ask Jesus if a certain man is blind because he sinned or his parents sinned - ch.34-1

Yon jou Jezi t ap mache avèk disip li yo. Yo te wè yon mesye ki te ne avèg. Disip yo te mande si mesye a te avèg paske li te peche oubyen paske paran li te peche.

Imaj
Jesus tells the disciples that the man was blind so that He could heal him and the people could see God's power - ch.34-2

Sovè a te di ke se pa t ni paran yo ni mesye a ki te peche. Mesye a te avèg poutèt pou Jezi te ka geri li pou montre moun yo pouvwa Bondye.

Imaj
Jesus puts mud on the man's eyes and tells him to wash his eyes - ch.34-3

Jezi te fè labou avèk tè a. Li te pase l sou je mesye avèg la. Jezi te di mesye a pou l t al lave je li.

Imaj
The man washes the mud from his eyes and can see - ch.34-4

Osito ke mesye a te fin lave je li retire labou a, li te wè!

Imaj
The man tells the people that Jesus healed him - ch.34-5

Lè vwazen l yo te wè li, yo pa t si ke sete li menm. Li te di yo ke Jezi te geri li. Vwazen yo te mennen mesye a al jwenn Farizyen yo. Mesye a te di Farizyen yo ke Jezi te geri li.

Imaj
The man tells the Pharisees that Jesus healed him and they are angry - ch.34-6

Gen kèk Farizyen ki te panse ke Jezi sete petèt yon moun jis. Gen lòt ki te panse ke li sete yon pechè. Lè mesye a te di Jezi sete yon moun jis, gen kèk Farizyen ki te fache epi yo te mete l deyò.

Imaj
The man worships Jesus after Jesus tells him that He is the Son of God - ch.34-7

Jezi te rankontre avèk mesye a. Li te mande mesye a si li te kwè nan Pitit Gason Bondye a. Mesye a te mande kiyès Pitit Bondye a te ye. Jezi te di li ke li sete Pitit Gason Bondye a, epi mesye a te adore li.