Scripture Stories
Chapit 55: Apot yo dirije Legliz la


Chapit 55

Apot yo dirije Legliz la

Imaj
After His resurrection Jesus spends forty days with the Apostles - ch.55-1

A pre l te fin resisite, Jezi te rete avèk Apot yo pandan karant jou. Li te anseye yo anpil bagay sou levanjil la ak sou legliz li a.

Imaj
Jesus tells His Apostles to preach the gospel to all people - ch.55-2

Li te di yo pou yo anseye tout moun levanjil la. Li te di yo tou ke li ta pral gen pou kite yo byen vit, men Sentespri a t ap vini pou ede yo.

Imaj
The Apostles watch as Jesus ascends to heaven - ch.55-3

Apot yo te gade Jezi ki t ap monte nan syèl la. De zanj abiye an blan te di Apot yo ke Jezi t ap retounen ankò soti nan syèl la yon jou.

Imaj
Peter, James and John are leading the Church - ch.55-4

Apot yo te vin dirijan Legliz Jezikri a sou tè a kounyeya. Pyè te Prezidan, epi Jak ak Jan sete konseye li.

Matye 16:18–19; Doktrin ak Alyans 81:1–2; Jezi, Kris la, 219–20

Imaj
Matthias is chosen and ordained to be an Apostle - ch.55-5

Te gen onz Apot sèlman —Jida te mouri. Papa nou ki nan Syèl la te di Apot yo pou yo te chwazi Matyas pou vin youn nan Douz Apot yo. Tout Apot yo te gen yon apèl espesyal nan Prètriz la.

Imaj
The members of the Church obey the commandments - ch.55-6

Apot yo ak lòt disip yo te gen lafwa nan Senyè a. Yo te obeyi kòmandman l yo. Youn te renmen lòt.

Imaj
The Apostles spread the gospel to many people - ch.55-7

Avèk Prètriz la ak pouvwa Sentespri a, Apot yo te kapab fè anpil bagay. Yo te geri malad e yo sete misyonè. Yo te anseye sou Jezikri ak levanjil li a. Anpil moun te kwè nan pawòl Apot yo epi yo te antre nan Legliz la. Manm legliz yo te rele Sen.