Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 27


Seksyon 27

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Harmony, Pennsylvania, Out 1830. Pou preparasyon yon sèvis relijye, kote yo t ap pral administre sentsèn pen ak diven, Joseph te soti pou l t al achte diven. Li te rankontre avèk yon mesaje selès epi li te resevwa revelasyon sa a, yon pati ladan l te ekri nan lè sa a epi rès la te ekri nan mwa Septanm apre a. Kounyeya, yo itilize dlo angiz diven nan sèvis sentsèn Legliz la.

1–4, Anblèm ki dwe itilize lè moun ap pran sentsèn nan tabli; 5–14, Kris la ak sèvitè L yo ki nan tout dispansasyon dwe pran sentsèn nan; 15–18, Mete tout kiras Bondye a sou nou.

1 Koute vwa Jezikri, Senyè ou, Bondye ou, ak Redanmtè w la, ki gen pawòl li ki rapid epi ki pisan.

2 Paske, gade, m di ou, se pa sa ou manje oubyen sa ou bwè ki enpòtan lè ou ap pran sentsèn nan, si ou fè l nan yon sèl entansyon pou laglwa mwen—si ou sonje devan Papa m, kò mwen ki te tonbe pou ou a, ak san mwen ki te koule pou padon peche ou yo.

3 Se poutèt sa, m ap ba nou yon kòmandman, pou nou pa achte diven ni bwason fò nan men ènmi nou yo;

4 Se poutèt sa, nou pa dwe sèvi avèk yo youn eksepte si yo prepare tou frèch pami nou; wi, nan wayòm Papa m nan ki pral bati sou tè a.

5 Gade, sa se lasajès nan mwen; se poutèt sa, pa etone nou, paske lè a ap rive pou m bwè nan fwi diven an avèk nou sou tè a, epi avèk Mowoni, m te voye kote nou pou revele Liv Mòmon an, ki gen plenitid levanjil etènèl mwen an, limenm m te konfye kle rejis bwa Efrayim nan;

6 Epi tou avèk Elyas, limenm m te konfye kle pou reyalize retablisman tout bagay bouch tout pwofèt sen yo te pale depi lè mond lan te kòmanse, konsènan dènye jou yo;

7 Epi tou Jan, pitit gason Zakari a, Zakari ke li (Elyas) te vizite a e ke li te fè l pwomès ke l t ap gen yon pitit gason, ke yo t ap rele l Jan, e li t ap ranpli avèk lespri Elyas la;

8 Jan sa m te voye kote nou an, sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak Oliver Cowdery, pou òdone nou nan premye prètriz nou te resevwa a, pou nou te kapab aple epi pou nou te kapab òdone tankou Aawon;

9 Epi tou Eli m te konfye kle pouvwa pou vire kè papa yo bò kote pitit yo, epi pou vire kè pitit yo bò kote papa yo, pou tout tè a pa frape anba yon malediksyon;

10 Epi tou avèk Jozèf, ak Jakòb, ak Izarak, ak Abraram, zansèt nou yo, ki se gras a yo ke pwomès yo rete;

11 Epi tou avèk Michèl, oubyen Adan, papa tout moun, prens tout moun, nonm tan ansyen an;

12 Epi tou avèk Pyè, Jak, ak Jan ke m te voye kote nou an, yo menm m te fè òdone nou epi m te fè konfime nou kòm apot, ak temwen espesyal pou non mwen, pou pote kle ministè nou yo, ak menm bagay m te revele nou yo;

13 Nou menm ke m te konfye kle wayòm mwen an, ak yon dispansasyon levanjil la pou dènye tan yo; epi pou plenitid tan m ap rasanble tout bagay fè youn, ni sa ki nan syèl la ak ni sa ki sou tè a;

14 Epi tou avèk tout moun ke Papa m te ban mwen nan mond lan.

15 Se poutèt sa, leve kè nou epi rejwi nou, epi mare senti nou epi ame nou ak tout zam mwen yo, pou nou kapab kanpe nan jou malè a, pou nou kapab kanpe lè nou fin akonpli tout bagay.

16 Se poutèt sa, kanpe avèk senti nou mare ak verite, mete pwotèj lajistis la sou nou, epi mete nan pye nou preparasyon levanjil lapè a, ke m te voye zanj mwen yo konfye nou an;

17 Mete boukliye lafwa a sou nou pou nou kapab etenn tout flanm dife mechan an yo;

18 Epi mete kaskèt sali a, ak epe Lespri m nan ke, m pral vide sou nou an, ak pawòl mwen an ke m te revele nou an, epi mete nou dakò ak tout bagay nou mande m yo, epi rete fidèl jiskaske m vini, epi n ap monte, pou kote m ye a nou kapab la tou. Amèn.