Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 93


Seksyon 93

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa, nan Kirtland, Ohio, 6 Me 1833.

1–5, Tout moun ki fidèl pral wè Senyè a; 6–18, Jan te rann temwayaj pou fè konnen Pitit Gason Bondye a te mache lagras sou lagras jistan Li te resevwa laglwa Papa a toutantye; 19–20, Moun fidèl ki mache lagras sou lagras, pral resevwa L tou toutantye; 21–22, Moun ki fèt pa lantremiz Kris la yo se Legliz Premyene a; 23–28, Kris la te resevwa yon totalite verite toutantye, epi lòm kapab fè menm jan an tou avèk obeyisans; 29–32, Lòm te nan kòmansman an avèk Bondye; 33–35, Eleman yo etènèl, epi lòm kapab resevwa yon totalite lajwa toutantye nan Rezirèksyon an; 36–37, Laglwa Bondye se entèlijans; 38–40, Timoun yo inosan devan Bondye poutèt redanmsyon Kris la; 41–53, Frè k ap dirije yo resevwa kòmandman pou yo tabli fanmi yo nan lòd.

1 An verite, Senyè a di: se pral konsa tout nanm ki abandone peche yo epi ki vin jwenn mwen, epi ki rele non mwen, epi ki obeyi vwa mwen, epi ki respekte kòmandman m yo, ap fas mwen epi l ap konnen m egziste;

2 Epi m se vrè limyè a ki klere chak moun ki vini nan mond lan;

3 Epi m nan Papa a, epi Papa a nan mwen, epi Papa a ak mwen nou se youn—

4 Papa a paske li te ban mwen li toutantye, epi Pitit Gason an paske m te nan mond lan epi m te fè tabènak mwen avèk chè, epi m te rete pami pitit lèzòm.

5 M te nan mond lan epi m te resevwa nan men Papa m, epi travay li te manifeste anpil.

6 Epi Jan te wè epi l rann temwayaj konsènan laglwa toutantye mwen an, epi totalite rejis Jan an pral revele toutantye apre.

7 Epi l te rann temwayaj, li di: M te wè laglwa l, li te nan kòmansman an, anvan mond la te egziste;

8 Se poutèt sa, Pawòl la te la nan kòmansman, paske li te Pawòl la, mesaje sali a menm—

9 Limyè ak Redanmtè mond lan; Lespri verite a, ki te vini nan mond lan, paske se li ki te fè mond lan, epi lavi lèzòm ak limyè lèzòm te nan li.

10 Se li ki te kreye mond yo; se li ki te kreye lèzòm; se li ki te kreye tout bagay, epi pa lantremiz li, epi avèk li.

11 Epi mwen menm Jan, m rann temwayaj pou fè konnen m te wè laglwa li, kòm laglwa Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen lagras ak verite, Espri verite a memm ki te vini epi ki rete nan lachè, epi ki te rete pami nou.

12 Epi mwen menm Jan, m te wè li pa t resevwa toutnèt nan kòmansman, men, li te resevwa lagras sou lagras;

13 Epi li pat resevwa toutnèt nan kòmansman, men, li te kontinye pran lagras sou lagras, jistan l te resevwa toutnèt;

14 Epi konsa li te rele Pitit Gason Bondye a, paske li pa t resevwa toutnèt nan kòmansman.

15 Epi mwen menm Jan, m rann temwayaj, syèl la te louvri, epi Sentespri a te desann sou li sou fòm yon pijon, epi l te repoze sou li, epi yon vwa te soti nan syèl la ki di: Se Pitit Gason byenneme m nan.

16 Epi mwen menm Jan, m rann temwayaj li te resevwa laglwa Papa a toutantye;

17 Epi l te resevwa tout pouvwa, ni nan syèl la ak sou tè a, epi laglwa Papa a te avèk li, paske l te rete avèk li.

18 Epi se pral konsa, si ou fidèl, w ap resevwa totalite rejis Jan an toutantye.

19 M ba ou pawòl sa yo pou ou kapab konprann epi pou ou kapab konnen kòman pou ou adore, epi pou ou konnen kisa w ap adore, pou ou kapab vin jwenn Papa a nan non mwen, epi lè tan an rive, pou nou resevwa tout bagay.

20 Paske si ou respekte kòmandman m yo, w ap resevwa totalite l, epi w ap glorifye nan mwen jan m glorifye nan Papa a; se poutèt sa, m di ou, ou pral resevwa lagras apre lagras.

21 Epi kounyeya, an verite m di ou, m te nan kòmansman avèk Papa a, epi m se Premyene a;

22 Epi tout moun ki fèt pa mwayen mwen pral pataje nan sa ki vle di laglwa a, epi yo se legliz Premyene a.

23 Ou te nan kòmansman an tou avèk Papa a; ki se Lespri, sa vle di Lespri verite a;

24 Epi verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye;

25 Epi nenpòt bagay ki mwens oubyen ki plis pase sa se lespri mechan sa a ki te yon mantè depi nan kòmansman.

26 Lespri verite a se pou Bondye. M se Lespri verite a, epi Jan te rann temwayaj konsènan mwen, ki di: Li te resevwa verite a toutantye, wi, menm tout verite;

27 Epi pèsonn pa resevwa toutnèt san li pa respekte kòmandman l yo.

28 Yon moun ki respekte kòmandman l yo li resevwa verite ak limyè, jistan l glorifye nan verite epi l konnen tout bagay.

29 Lòm te nan kòmansman tou avèk Bondye. Entèlijans oubyen limyè verite a, pa t kreye oubyen fèt, ni tou sa pa t gade kapab fèt.

30 Tout verite endepandan nan antouray kote Bondye te plase l la, pou l aji pou tèt pa l, tankou tout entèlijans kapab fè; san sa pa gen egzistans.

31 Gade, men lib abit lòm, epi men kondanasyon lòm; paske sa ki te nan kòmansman manifeste byen klè devan yo, epi yo pa resevwa limyè a.

32 Epi tout moun lespri l pa resevwa limyè a, li sou kondanasyon.

33 Paske lòm se lespri. Eleman yo etènèl, epi lespri ak eleman ki konekte san separasyon, resevwa yon lajwa toutantye;

34 Epi lè yo separe, lòm pa kapab resevwa yon lajwa toutantye.

35 Eleman yo se tabènak Bondye; wi, lòm se tabènak Bondye, yo se tanp menm; epi nenpòt tanp ki sal, Bondye ap detwi tanp sa a.

36 Laglwa Bondye se entèlijans, oubyen otreman di, limyè ak verite.

37 Limyè ak verite abandone malen an.

38 Chak lespri lòm te inosan nan kòmansman; epi paske Bondye te rachte lòm anba chit Adan an, lòm te vin tounen nan eta anfans yo ankò, inosan devan Bondye.

39 Epi mechan sa a te vin pran limyè ak verite a, pa mwayen dezobeyisans, nan men pitit lèzòm, epi akoz tradisyon papa yo.

40 Men m kòmande w pou ou leve pitit ou yo nan limyè ak verite.

41 Men an verite m di w, sèvitè m nan Frederick G. Williams, ou kontinye sou kondanasyon sa a;

42 Ou pa anseye pitit ou yo limyè ak verite, daprè kòmandman an; epi mechan sa gen pouvwa, toujou, sou ou, epi se kòz afliksyon ou la.

43 Epi kounyeya m ba ou yon kòmandman—si w delivre, ou dwe mete pwòp kay pa w nan lòd, paske gen anpil bagay ki pa nan lòd lakay pa w.

44 An verite, m di sèvitè m nan Sidney Rigdon, nan kèk bagay li pa respekte kòmandman yo konsènan pitit li yo; se poutèt sa, mete kay ou nan lòd premyèman.

45 An verite, m di sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, oubyen otreman di, m ap rele ou zanmi, paske ou se zanmi m, epi ou pral gen yon eritaj avèk mwen—

46 M te rele ou sèvitè pou byen mond lan, epi ou se sèvitè yo pou byen mwen—

47 Epi kounyeya, an verite m di ou Joseph Smith, pitit la—ou pa respekte kòmandman yo, epi ou merite repwòch devan Senyè a;

48 Fanmi ou dwe repanti epi yo dwe abandone kèk bagay, epi yo dwe bay pawòl ou yo plis atansyon onèt, oubyen pou wete yo nan plas yo ye a.

49 Sa m di yon moun, m di tout moun ni; priye tout tan pou mechan an pa gen pouvwa sou ou, epi pou l pa wete ou nan plas ou a.

50 Sèvitè m nan Newel K. Whitney tou, yon evèk nan legliz mwen an, merite pou m chatye l, epi mete fanmi l nan lòd, pou fè yo vin pi dilijan ak pi sousye lakay yo, pou yo priye tout tan, san sa m ap wete yo nan plas yo a.

51 Kounyeya, m di nou, zanmi m yo, se pou sèvitè m nan Sidney Rigdon ale nan vwayaj li a, pou l prese, epi pou l pwoklame lane akseptab Senyè a, ak levanjil sali a, jan m pral ba li enspirasyon; epi avèk priyè ou ki fèt ak lafwa, avèk yon sèl konsantman, m ap leve l.

52 Epi se pou sèvitè m nan Joseph Smith, pitit la, ak Frederick G. Williams prese tou, epi y ap resevwa daprè priyè yo fè avèk lafwa; epi toutotan nou kenbe pawòl mwen yo nou p ap nan konfizyon nan mond sa a, ni nan mond k ap vini an.

53 Epi, an verite m di ou konsa, se volonte m pou ou prese tradui ekriti m yo, epi pou ou jwenn yon konesans nan istwa, ak peyi, ak wayòm, ak lalwa Bondye ak lòm, epi tout sa se pou sali Siyon. Amèn.