Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 63


Seksyon 63

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la resevwa nan Kirtland, Ohio, 30 Out 1831. Pwofèt la, Sidney Rigdon ak Oliver Cowdery te rive nan Kirtland 27 Out, soti nan vizit yo a nan Missouri. Istwa Joseph Smith la dekri revelasyon sa a: “Nan premye moman Legliz la, moun te gen anpil anksyete pou jwenn pawòl Senyè a konsènan chak sijè ki te konsène sali nou nan nenpòt fason; epi kòm tè Siyon an sete bagay ki te pi enpòtan nou te ka wè, m te mande Senyè a plis enfòmasyon sou rasanbleman Sen yo, sou zafè achte tè a, ak lòt bagay.”

1–6, Yon jou kòlè pral vini sou mechan yo; 7–12, Siy vini pa mwayen lafwa; 13–19, Moun ki adiltè nan kè yo pral nye lafwa a epi yo pral jete yo nan lak dife a; 20, fidèl yo pral resevwa yon eritaj sou tè a ki pral transfigire; 21, Tout istwa evènman sou Mòn Transfigirasyon an pat ankò revele nèt; 22–23, moun ki obeyisan yo resevwa mistè wayòm nan; 24–31, Moun dwe achte eritaj nan Siyon; 32–35, Senyè a dekrete lagè epi mechan touye mechan; 36–48, Sen yo dwe rasanble nan Siyon epi yo dwe bay lajan pou bati l; 49–54, Benediksyon yo asire pou fidèl yo nan Dezyèm vini an, nan Rezirèksyon an, epi pandan Milenyòm nan; 55–58, Se yon jou avètisman; 59–66, Moun ki itilize non Senyè a san otorite, yo pran l anven.

1 Koute, O, noumenm Pèp yo, epi louvri kè nou epi louvri zòrèy nou pandan nou lwen; epi koute, noumenm ki rele tèt nou pèp Senyè a, epi tande pawòl Senyè a ak volonte l konsènan nou.

2 Wi an verite, m di, koute pawòl moun sa a ki gen kòlè l limenm kont mechan ak rebèl yo;

3 Ki vle pran moun li menm vle pran, epi prezève lavi moun li vle prezève;

4 Ki bati jan lide l di l; epi ki detwi lè l vle, epi ki kapab jete nanm moun anba nan lanfè.

5 Gade, mwen menm Senyè a, m leve vwa m epi moun pral obeyi l.

6 Se poutèt sa, an verite m di, se pou mechan yo fè atansyon, epi se pou rebèl yo gen lakrent epi pou yo tranble; epi se pou enkredil yo kenbe po bouch yo, paske jou kòlè a pral vini sou yo tankou yon toubiyon, epi tout kò fizik pral konnen m se Bondye.

7 Epi yon moun k ap chèche siy yo, l ap wè siy, men, pa pou sali.

8 An verite, m di nou, gen moun pami nou k ap chèche siy, epi te gen moun konsa menm depi nan kòmansman;

9 Men gade, lafwa pa vini avèk siy yo, men, siy yo suiv moun ki kwè.

10 Wi, siy yo vini avèk lafwa, se pa selon volonte lèzòm, ni jan lide yo di yo, men, selon volonte Bondye.

11 Wi, siy yo vini avèk lafwa pou fè travay ki pisan, paske san lafwa, okenn moun pa fè Bondye plezi; epi si Bondye fache kont yon moun, ki pa fè l plezi; se poutèt sa, li pa montre moun konsa okenn siy yo, sèlman nan kòlè pou kondanasyon yo.

12 Se poutèt sa, mwenmenm Senyè a, m pa kontan avèk sila yo pami nou k ap chèche siy yo ak mèvèy yo pou yo kapab gen lafwa, epi se pa pou byen lèzòm ak pou laglwa mwen.

13 Men, m bay kòmandman yo, epi anpil moun vire do bay kòmandman m yo epi yo pa respekte yo.

14 Te gen gason ak fi adiltè pami nou; kèk ladan yo te vire do ba nou, epi kèk lòt rete avèk nou epi yo pral revele pita.

15 Se pou moun konsa fè atansyon epi pou yo repanti rapid rapid pou jijman pa vini sou yo tankou yon pyèj, pou foli yo pa manifeste, epi pou zèv yo pa suiv yo nan je pèp la.

16 Epi an verite, m di nou, jan m te di anvan an, yon moun ki gade yon fi avèk anvi, oubyen si nenpòt moun komèt adiltè nan kè yo, yo pa gen Lespri a, men, y ap nye lafwa a epi y ap gen lakrent.

17 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m te di, moun ki gen lakrent yo, ak enkredil yo, ak mantè yo, ak nenpòt moun ki renmen manti epi ki fòje manti, ak moun ki fè abominasyon seksyèl, ak sòsye, pral gen pa yo nan lak k ap boule avèk dife epi avèk souf la, ki se dezyèm lanmò a.

18 An verite, m di, yo p ap patisipe nan premye rezirèksyon an.

19 Epi kounyeya, gade, mwen menm Senyè a m di nou, nou pa jistifye, poutèt bagay sa yo pami nou.

20 Men, yon moun ki pèsevere nan lafwa epi ki fè volonte m, moun sa a ap gen viktwa, epi l ap resevwa yon eritaj sou tè a lè jou transfigirasyon an va rive;

21 a transfigire, daprè menm modèl m te montre apot mwen yo sou mòn nan; istwa sa a, nou pa t ko resevwa l nèt.

22 Epi kounyeya, an verite, m di nou, jan m te di m ap fè nou konnen volonte m nan, gade, m pral fè nou konnen l, men se pa kòm yon kòmandman, paske gen anpil moun ki pa respekte kòmandman m yo.

23 Men, se moun ki respekte kòmandman m yo, m pral bay mistè yo ki nan wayòm mwen an, epi y ap yon fontèn dlo lavi a k ap pikemonte jouk nan lavi etènèl.

24 Epi kounyeya, gade, se volonte Senyè Bondye nou an konsènan sen li yo, pou yo rasanble ansanm nan peyi Siyon an, pa rapid rapid, pou yo pa tonbe nan konfizyon, ki pote lapès;

25 Gade, tè Siyon an—mwen menm Senyè a, m kenbe l nan men pa m;

26 Men, mwen menm Senyè a, m bay Seza bagay ki pou Seza.

27 Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, m ta vle nou achte tè yo, pou nou kapab gen avantaj sou mond lan, pou nou kapab gen dwa sou mond lan, pou anpeche yo eksite nan kòlè.

28 Paske Satan enspire kè yo pou yo fè kòlè kont nou, epi pou yo fè san koule.

29 Se poutèt sa, nou pa kapab jwenn tè Siyon an san nou pa achte l oubyen si san pa koule, san sa, pa gen okenn eritaj pou nou.

30 Epi si nou achte yo, gade n ap beni;

31 Epi si se avèk san, paske m defann nou koule san, gade l ènmi nou yo sou nou, epi y ap filange nou soti nan yon vil ale nan yon lòt, epi soti nan yon sinagòg ale nan yon lòt, epi sèlman kèk moun ap rete pou resevwa yon eritaj.

32 Mwen menm Senyè a, m fache kont mechan yo; m kenbe Lespri m lwen abitan yo ki sou tè a.

33 M sèmante nan kòlè mwen epi m dekrete lagè sou sifas tè a, epi mechan pral touye mechan, epi krent pral vini sou chak moun;

34 Epi sen yo ap gen difikilte pou yo chape poul yo; men, mwenmenm Senyè a, m avèk yo, epi m pral desann soti nan syèl la kote Papa m pou m konsonmen mechan yo avèk dife ki pa kapab etenn.

35 Epi gade, sa pat ko fèt, men sa ap rive, pwochènman.

36 Se poutèt sa, paske mwenmenm Senyè a, m te dekrete tout bagay sa yo sou sifas tè a, m ta vle sen m yo rasanble sou tè Siyon an;

37 Epi chak moun ta dwe pran lajistis nan men l ak fidelite nan senti li, epi pou l leve yon vwa avètisman pou abitan yo ki sou tè a; epi pou l deklare avèk pawòl epi ak kous kouri pou fè konnen dezolasyon pral vini sou mechan yo.

38 Se poutèt sa, se pou disip mwen yo ki nan Kirtland, ki rete sou fèm sa a ranje zafè tanporèl yo.

39 Se pou sèvitè m nan, Titus Billings ki gen responsablite tè sa a, dispoze tè a, pou l kapab prepare nan prentan pwochen an pou l vwayaje monte nan peyi Siyon an avèk moun ki avèk li yo, eksepte moun m pral rezève pou tèt pa m yo, ki pa dwe ale jistan m kòmande yo.

40 Epi se pou tout lajan ki kapab ekonomize, sa pa di m anyen si l piti oubyen anpil, se pou yo voye l nan peyi Siyon an, bay moun m te nonmen pou resevwa l la.

41 Gade, mwenmenm Senyè a, m ap bay sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, pouvwa pou l kapab disène moun ki dwe monte nan peyi Siyon yo pa lantremiz Lespri a, ak moun pami disip mwen yo ki pral rete yo.

42 Se pou sèvitè m nan, Newel K. Whitney kenbe magazen li a, ki vle di magazen an, pou yon ti tan ankò.

43 Men, se pou l bay tout kantite lajan li kapab pou voye ale nan peyi Siyon an.

44 Gade, bagay sa yo nan men pa l, se pou l aji daprè lasajès.

45 An verite, m di, se pou yo òdone l kòm yon ajan pou disip ki pral rete yo, epi se pou yo òdone l nan pouvwa sa a;

46 Epi kounyeya pou l vizite legliz yo, pou l eksplike yo bagay sa yo, avèk sèvitè m nan, Oliver Cowdery. Gade, se volonte m, pou l jwenn lajan, menm jan m te mande a.

47 Yon moun ki fidèl epi ki pèsevere, l ap gen viktwa sou mond lan.

48 Yon moun ki voye trezò nan peyi Siyon an, l ap resevwa yon eritaj nan mond sa a, epi zèv li yo ap suiv li, ak yon rekonpans nan mond k ap vini an.

49 Wi, epi mò ki mouri nan Senyè a yo beni, kòmanse pou kounyeya, lè Senyè a vini, epi bagay ansyen yo pral pase, epi tout bagay vin nouvo, yo pral leve pami mò yo epi yo p ap mouri apre, epi yo pral resevwa yon eritaj devan Senyè a nan vil sen an.

50 Epi yon moun ki vivan lè Senyè a vini epi ki te kenbe lafwa, li beni; men, li te gen pou l mouri nan laj lòm.

51 Se poutèt sa, timoun yo pral grandi jistan yo vin vyeyi; granmoun yo pral mouri, men, yo p ap dòmi nan pousyè a, men, y ap chanje nan yon klendèy.

52 Se poutèt sa, se pou rezon sa a apot yo te preche mond lan rezirèksyon mò yo.

53 Bagay sa yo se bagay nou dwe espere; epi pou pale daprè langaj Senyè a, yo pare pou rive kounyeya, epi nan yon tan k ap vini, sa vle di nan jou vini Pitit Gason Lòm nan.

54 Epi jistan lè sa a rive, ap gen vyèj fòl pami saj yo; epi nan lè sa a pral gen yon separasyon total ant moun ki jis yo ak mechan yo; epi nan jou sa a m pral voye zanj mwen yo pou derasinen mechan yo pou jete yo nan dife ki pa kapab etenn nan.

55 Epi kounyeya, gade, an verite, m di nou, mwen menm Senyè a, m pa kontan avèk sèvitè m nan, Sidney Rigdon; li ekzalte tèt li nan kè l, li pa t resevwa konsèy, men, li te atriste Lespri a;

56 Se poutèt sa, Senyè a pa aksepte ekriti l yo, epi li dwe fè yon lòt; epi si Senyè a pa aksepte l gade, li pa nan ofis yo te lonmen l lan ankò.

57 Epi ankò, an verite, m di nou, moun ki vle nan kè yo, avèk imilite, pou yo avèti pechè yo vin nan repantans, se pou yo òdone nan pouvwa sa a.

58 Paske jodi a se yon jou avètisman, epi se pa yon jou pawòl anpil. Paske mwen menm Senyè a, moun pa dwe moke m nan dènye jou yo.

59 Gade, m soti anwo, epi pouvwa m chita anba. M alatèt tout bagay, nan tout bagay epi pa mwayen tout bagay, epi m sonde tout bagay, epi jou a ap vini pou tout bagay soumèt devan mwen.

60 Gade, m se Alfa ak Omega, Jezikri menm.

61 Se poutèt sa, se pou lèzòm fè atansyon kòman pou yo site non mwen nan bouch yo—

62 Paske gade, an verite m di, gen anpil moun ki anba kondanasyon sa a, ki itilize non Senyè a, epi ki itilize l anven, yo pa gen otorite.

63 Se poutèt sa, se pou legliz la repanti nan peche l yo, epi mwen menm Senyè a, m ap posede yo; san sa y ap retranche.

64 Sonje, bagay ki soti anwo sakre, epi moun dwe pale l avèk swen, epi lè Lespri a pouse yo; epi pa gen kondanasyon nan bagay sa a, epi ou resevwa Lespri a pa mwayen lapriyè; se poutèt sa, san sa ap gen kondanasyon.

65 Se pou sèvitè m yo, Joseph Smith, pitit la, ak Sidney Rigdon chèche yon kay, jan m te aprann yo a, pa mwayen lapriyè avèk Lespri a.

66 Moun dwe simonte bagay sa yo pa mwayen pasyans, pou yo kapab resevwa yon pi gwo chay laglwa etènèl, san sa, yon pi gwo kondanasyon. Amèn.