Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 137


Seksyon 137

Yon vizyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan tanp Kirtland, Ohio, 21 Janvye 1836. Sete nan okazyon administrasyon òdonans nan preparasyon pou konsekrasyon tanp lan.

1–6, Pwofèt la wè frè li a, Alvin nan wayòm selès la; 7–9, Revelasyon sou Doktrin sali pou mò yo; 10, Tout timoun sove nan wayòm selès la.

1 Syèl yo te louvri sou tèt nou, epi m te wè wayòm selès Bondye a, ak laglwa ki ladan l, m pa kapab di si nou te nan fizik la oubyen si nou pa t ladan l.

2 M te wè bèlte enkonparab pòt kote eritye yo ki pou wayòm sa a pral antre a, ki te tankou flanm dife k ap fè toubiyon;

3 Epi tou twòn eklatan Bondye a, kote Papa a ak Pitit Gason an te chita.

4 M te wè bèl lari wayòm sa a genyen, ki te gen aparans yon bagay ki pave avèk .

5 M te wè Papa Adan ak Abraram; ak papa m ak manman m; frè m nan, Alvin, ki t ap dòmi depi lontan;

6 Epi m te etone pou m wè li te gen eritaj nan wayòm sa a, paske li te kite lavi sa a anvan Senyè a te mete men l pou l rasanble Izrayèl yon dezyèm fwa, epi li pa t batize pou padon peche.

7 Se konsa vwa Senyè a te vin jwenn mwen, li di: Tout moun ki mouri san konesans levanjil sa a, ki t ap resevwa l si yo te gen pèmisyon pou yo rete, yo pral eritye wayòm selès Bondye a;

8 Epi tout moun ki mouri depi lè sa a san konesans li, ki t ap resevwa l avèk tout kè yo, pral eritye wayòm sa a;

9 Paske mwen menm Senyè a, m pral jije tout moun daprè zèv yo, daprè dezi ki nan kè yo.

10 Epi tou m te wè tout timoun ki mouri anvan yo rive nan laj rezon, yo sove nan wayòm selès la.