Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 31


Seksyon 31

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa pou Thomas B. Marsh, Septanm 1830. Okazyon an se te imedyatman apre yon konferans Legliz la (gade nan antèt seksyon 30 la). Thomas B. Marsh te batize nan kòmansman mwa a epi yo te òdone l kòm yon ansyen nan Legliz la anvan yo te resevwa revelasyon sa a.

1–6, Thomas B. Marsh resevwa apèl pou l preche levanjil la epi pou l asire byennèt fanmi l; 7–13, Li resevwa konsèy pou l pasyan, pou l priye tout tan, epi pou l suiv Konsolatè a.

1 Thomas, pitit gason m nan, ou beni poutèt lafwa ou nan travay mwen an.

2 Gade, ou te gen anpil afliksyon poutèt fanmi ou; men, m ap beni ou ak fanmi ou, wi, timoun piti ou yo; epi jou a ap vini pou yo konnen verite a epi pou yo fè yon sèl avèk ou nan legliz mwen an.

3 Leve kè ou epi rejwi ou, paske lè misyon ou nan rive; epi lang ou pral delye, epi ou pral deklare bon nouvèl gwo lajwa devan jenerasyon sa a.

4 Ou dwe deklare bagay ki te revele bay sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la. Ou dwe kòmanse preche depi kounyeya, wi, pou ou rekòlte nan jaden ki deja mi pou boule a.

5 Se poutèt sa, manche kouto digo ou avèk tout nanm ou, epi peche ou yo pral padone, epi ou pral chaje avèk yon pakèt sou do ou, paske travayè a merite salè li. Se poutèt sa, fanmi ou pral viv.

6 Gade, an verite m di ou, soti pami yo sèlman pou yon ti tan, epi deklare pawòl mwen an, epi m ap prepare yon plas pou yo.

7 Wi, m ap louvri kè pèp la, epi y ap resevwa ou. Epi m ap tabli yon legliz avèk men ou;

8 Epi ou dwe ranfòse yo epi prepare yo pou lè yo pral rasanble a.

9 Gen pasyans nan afliksyon, pa goumen kont moun k ap goumen. Gouvène kay ou avèk dousè, epi rete tennfas.

10 Gade, m di ou, ou dwe yon doktè pou legliz la, men, pa pou mond lan, paske yo p ap resevwa ou.

11 Ale fè wout ou nenpòt kote m vle voye ou, epi Konsolatè a pral fè ou konnen kisa pou ou fè ak ki kote pou ou ale.

12 Priye tout tan, pou ou pa tonbe nan tantasyon epi pou ou pa pèdi rekonpans ou.

13 Gen lafwa jiska lafen, epi gade, m avèk ou. Pawòl sa yo pa pawòl lòm, ni lèzòm, men, se pawòl mwen, Jezikri menm, Redanmtè w la, avèk volonte Papa a. Amèn.