Scripture Stories
Wa Benjamen


“Wa Benjamen,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Mozya 1–5

Wa Benjamen

Sèvi pèp Bondye a

Imaj
Benjamen k ap ekri sou plak lò yo

Wa Benjamen te yon pwofèt Bondye ki te gouvène nan peyi Zarayemla. Li te travay di pou l te sèvi ak anseye pèp li a konsènan Bondye. Avèk èd nan men lòt pwofèt Bondye yo, Benjamen te fè Zarayemla tounen yon kote pezib ak an sekirite pou moun te viv.

Pawòl Mòmon yo 1:17–18; Mozya 1:1–7

Imaj
Benjamen k ap pale avèk Mozya

Benjamen te vin granmoun. Li te mande pitit gason li a, Mozya, pou l te rasanble pèp la ansanm. Benjamen te vle di yo ke Mozya t ap vin tounen nouvo wa yo

Mozya 1:9–10

Imaj
fanmi ki nan tant

Moun yo te vini sòti tout kote nan peyi a. Yo te mete tant yo pre tanp la pou yo te koute Benjamen.

Mozya 2:1, 5–6

Imaj
moun ki pre fòtrès la

Benjamen te pale sou yon fòtrès pou anpil moun te ka tande li. Wa Benjamen te di ke Bondye te ede l pou l te dirije yo. Kòm wa, li te anseye yo pou yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Li pa t pran lajan yo oubyen fè yo sèvi l. Okontrè, li te travay pou l te sèvi pèp li a ak Bondye.

Mozya 2:7–16

Imaj
moun k ap ede youn lòt

Wa Benjamen te di pèp la ke lè yo sèvi youn lòt, se Bondye y ap sèvi tou. Apresa, li te di yo ke tout bagay yo te genyen se Bondye ki te bayo li. An retou, Bondye te vle yo obeyi kòmandman l yo. Lè yo te obeyi, Bondye te ba yo plis benediksyon.

Mozya 2:17–24, 41

Imaj
Benjamen k ap pale avèk Mozya bòkote l

Benjamen te di yo ke li pa t ap ka wa yo oubyen enstriktè yo ankò. Pitit gason li a, Mozya t ap nouvo wa yo.

Mozya 2:29–31

Imaj
Jezi k ap geri yon moun

Apresa, Benjamen te di pèp li a ke yon zanj te vizite l. Zanj lan te di ke Pitit Gason Bondye a, Jezikri, t ap vini sou tè a. Li t ap fè mirak ak geri moun. Li t ap soufri doulè epi l t ap mouri pou sove tout moun. Benjamen te anseye ke Jezi t ap padone tout moun ki te gen lafwa nan Li epi ki te repanti.

Mozya 3:1–12, 17–18

Imaj
moun ki kontan

Pèp la te kwè sa Benjamen te anseye yo konsènan Jezi a. Yo te konnen ke yo te bezwen repanti. Tout pèp la te priye epi yo te mande Bondye padone yo Apre yo te priye, Lespri Bondye te avèk yo. Yo te santi yo kontan epi yo te konnen Bondye te padone yo poutèt lafwa yo nan Jezikri.

Mozya 4:1–3, 6–8

Imaj
moun ki avèk Benjamen ak Mozya

Pèp la te santi l diferan ak nouvo andedan l poutèt li te gen lafwa nan Jezikri. Kounyea, yo te vle fè bon bagay tout tan. Yo te fè yon pwomès pou yo te suiv kòmandman Bondye yo pou rès lavi yo. Poutèt yo te kwè nan Jezi epi yo te fè pwomès sa a, yo te rele yo pèp Jezi a.

Mozya 5:2–9, 15; 6:1–2