Scripture Stories
Yon Jèn Lame


“Yon Jèn Lame,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

Alma 53; 56–57

Yon Jèn Lame

Pitit gason ki konfye yo nan Bondye

Imaj
jèn sòlda yo kenbe boukliye, lans, ak epe

Nefit yo te nan lagè avèk Lamanit yo epi yo te bezwen èd. Anti-Nefi-Leyi yo te vle ede. Men yo te fè yon pwomès devan Senyè a pou yo pa t goumen. Te gen demil jèn gason ki pa t fè pwomès sa a. Olyesa, pitit gason yo te pwomèt pou yo te goumen pou pwoteje fanmi yo. Pitit gason sa yo te rele jèn sòlda yo.

Alma 53:8, 13–18, 22; 56:1–8

Imaj
Elaman dirije jèn sòlda yo ale nan yon vil

Jèn sòlda yo te chwazi pwofèt Elaman pou dirije yo. Yo te yon ti gwoup konpare ak gwo lame Lamanit la. Men Elaman te konnen jèn sòlda yo te onèt, brav, ak fidèl. Avèk Elaman k ap dirije yo, yo te ale pou ede Nefit yo.

Alma 53:19–22; 56:9–10, 17, 19

Imaj
jèn sòlda yo bati yon fò avèk sòlda Nefit yo, epi paran yo pote manje

Sòlda Nefit yo te fatige. Men lè jèn sòlda yo te rive, Nefit yo te kontan. Jèn lame a te ba yo espwa ak fòs. Ansanm, yo te prepare pou konbat Lamanit yo. Paran jèn sòlda yo te ede tou nan pote manje ak ekipman pou yo.

Alma 56:16–17, 19– 20, 22, 27

Imaj
Dirijan Nefit yo ak jèn sòlda yo rankontre nan yon tant

Lamanit yo te kaptire anpil vil epi kite lame yo nan yo. Dirijan Nefit yo te vle fòse Lamanit yo pou yo kite youn nan vil yo. Yo te fè yon plan epi yo te mande jèn sòlda yo pou yo te ede yo.

Alma 56:18–30

Imaj
Lame Lamanit k ap kouri avèk zam yo nan direksyon jèn sòlda yo

Jèn sòlda yo te pretann ke yo t ap pote manje pou Nefit ki t ap viv nan yon vil tou pre a. Lè Lamanit yo te wè ti gwoup la, yo te kite vil yo a epi yo te kouri dèyè jèn sòlda yo. Lamanit yo te panse li t ap fasil pou kaptire yo.

Alma 56:30–36

Imaj
jèn sòlda yo mache nan yon liy long, yon lame Lamanit vini apre yo, epi yon lame Nefit suiv lame Lamanit la

Jèn sòlda yo te kouri pou Lamanit yo. Lè sa a, yon lame Nefit te kòmanse chase Lamanit yo. Lamanit yo te vle kaptire jèn sòlda yo anvan Nefit yo te rive jwenn yo. Nefit yo te wè jèn sòlda yo te nan pwoblèm epi yo te mache pi vit pou ede yo.

Alma 56:36–41

Imaj
yon jèn sòlda k ap chèche wè ki kote lòt lame yo ye epi li enkyete

Apre kèk tan, jèn sòlda yo pa t ka wè Lamanit yo. Yo te kòmanse mande si Nefit yo te rive jwenn Lamanit yo epi yo t ap goumen.

Alma 56:42–43

Imaj
Elaman leve epe li anlè

Elaman te enkyè. Li te panse ke Lamanit yo gendwa t ap eseye pyeje yo. Li te mande jèn sòlda yo si yo t ap ale konbat Lamanit yo.

Alma 56:43–44

Imaj
jèn sòlda yo leve epe yo

Jèn sòlda yo te sonje sa manman yo te anseye yo. Manman yo te anseye yo pou gen konfyans nan Bondye epi pa doute, paske Li t ap kenbe yo ansekirite. Pitit gason sa yo te kwè nan Bondye epi yo te vle kenbe pwomès yo pou pwoteje fanmi yo a. Yo te di Elaman ke yo te pare pou yo t ale epi goumen.

Alma 56:46–48

Imaj
Elaman mache avèk jèn sòlda yo

Elaman te etone pa kouraj yo. Li te dirije yo retounen al konbat Lamanit yo.

Alma 56:45, 49

Imaj
Elaman ak jèn sòlda yo kanpe sou tèt yon kolin avèk zam yo

Jèn sòlda yo te wè Lamanit yo ak Nefit yo k ap goumen. Nefit yo te fatige. Yo te preske pèdi lè jèn sòlda yo te rive.

Alma 56:49–52

Imaj
Sòlda Lamanit yo te efreye

Jèn sòlda yo te goumen avèk fòs Bondye. Lamanit yo te efreye devan yo epi yo te sispann goumen. Jèn sòlda yo te ede yo genyen batay la!

Alma 56:52–54, 56

Imaj
Elaman lonje men li bay jèn sòlda yo

Nan batay la, anpil Nefit ak Lamanit te mouri. Elaman te enkyè pou kèk nan jèn sòlda yo gendwa te mouri tou. Men apre batay la, Elaman te konte tout moun. Li te trè kontan wè ke okenn nan jèn sòlda yo pa t mouri. Bondye te pwoteje yo.

Alma 56:55–56

Imaj
jèn sòlda ki blese epi tout kanpe ansanm

Plis pitit gason te rejwenn jèn sòlda yo. Yo te kontinye ede Nefit yo batay. Nan lòt batay sa yo, jèn sòlda yo tout te blese, men yo youn pa t mouri. Yo te sonje sa manman yo te anseye yo. Yo te fè Bondye konfyans, epi Li te pwoteje yo.

Alma 57:6, 19–27; 58:39–40