Scripture Stories
Yon Nouvo Fwaye nan Tè Pwomiz la


“Yon Nouvo Fwaye nan Tè Pwomiz la,” Istwa Liv Mòmon yo (2023)

“Yon Nouvo Fwaye nan Tè Pwomiz la,” Istwa Liv Mòmon yo

2 Nefi 4–5

Yon Nouvo Fwaye nan Tè Pwomiz la

Nefit ak Lamanit yo

Imaj
fanmi ki antoure Leyi

Fanmi Leyi ak Sarya a te kontinye grandi nan tè pwomiz la. Pitit yo te gen pitit pou tèt pa yo. Leyi te kòmanse granmoun. Anvan l te mouri, li te bay moun nan fanmi l yo benediksyon. Li te di yo ke lè yo kenbe kòmandman yo, Senyè a t ap ede yo.

2 Nefi 4:3–12

Imaj
Laman ak Lemyè k ap gade Nefi

Apre Leyi te fin mouri, Nefi te dirije pèp la. Li te di yo pou yo te obeyi Senyè a. Laman ak Lemyèl te fache. Yo te vle touye Nefi pou yo ta ka dirije pito.

2 Nefi 4:13; 5:1–4

Imaj
gwoup moun k ap vwayaje

Senyè a te di Nefi pou l te pati avèk fanmi l ak tout lòt moun ki te vle suiv Senyè a. Yo te vwayaje pou anpil jou epi yo te jwenn yon nouvo kote pou yo te viv.

2 Nephi 5:1, 5–8

Imaj
moun k ap plante

Moun ki te ale avèk Nefi yo te rele Nefit, epi sa k te rete yo te rele Lamanit. Nefit yo te mande Nefi pou l te dirije yo. Yo te travay di. Yo te plante, gade bèt, ak bati tanp ak lòt kay. Prèt ak enstriktè te anseye yo konsènan Senyè a, epi pèp la te kontan.

2 Nefi 5:9–11, 13–17, 26–27